Family Self-Sufficiency Program (FSS)

Family Self-Sufficiency Program (FSS)

CRE 7_HUD_form_52650_instructions_FIN

Family Self-Sufficiency Program (FSS)

OMB: 2577-0178

Document [pdf]
Download: pdf | pdf
Chak Ajans Lojman (HA) fèt pou siyen yon kontra patisipasyon avèk
chak fanmi elijib ki chwazi pou yo patisipe nan pwogram FSS la. Chak HA
dwe pran kontak ak otorite lokal yo pou li devlope yon plan daksyon kap
gen ladan n deskripsyon bagay sa yo: dimansyon, karakteristik ak bezwen
popilasyon ke pwogram FSS li pwopoze a pral sèvi; sèvis ak aktivite li pral
ofri yo; kijan pwogram nan pral aplike; resous piblik e prive ki pral pèmèt
pwogram nan aplike; yon kalandriye ki montre diferan faz aplikasyon
pwogram nan; ak tout lòt done k ap nesesè pou HUD asire yon aplikasyon
kowòdone sèvis ak aktivite pwogram nan.
Daprè kalkil ki fèt, rapò piblik sou koleksyon enfòmasyon sa a ap dire
1.0 èdtan an mwayèn pou chak moun –ladan genyen tan ki nesesè pou
revise enstriksyon, fè rechèch sou done ki deja egziste, kolekte e konsève
done ki nesesè yo, epi konplete e revize koleksyon enfòmasyon yo.
.

Pou moun patisipe nan pwogram FSS nan, repons pou koleksyon
enfòmasyon sa a se yon bagay obligatwa daprè lalwa (Seksyon 23 (c) ak
(g) Lwa Federal sou Lojman 1937, jan Seksyon 554 Lwa Federal
Cranston-Gonzalez sou Lojman Abòdab (PL 101-625) mande sa a.
Enfòmasyon ki rasanble sou fòm sa a se enfòmasyon sekrè ke Lwa sou Vi
Prive a pwoteje. Lwa sou Vi Prive a mande pou yo kenbe dosye sa yo
anba pwoteksyon administratif, teknik e fizik ki nesesè pou garanti sekirite
yo ak karaktè konfidansyèl yo. Answit, dosye sa yo dwe gen pwoteksyon
kont nenpòt menas previzib kont sekirite yo ak entegrite yo ki ta kapab
lakoz moun ke enfòmasyon sa yo konsène a, pran kou, sibi anbara,
kontraryete oubyen enjistis. HUD pa gen dwa reyalize ni patwone yon
koleksyon enfòmasyon –e yon moun pa oblije bay enfòmasyon sa yo – si
koleksyon an pa gen sou li yon nimewo kontwòl OMB ki aktyèlman valab.

Enstriksyon HA Pou Aplike Kontra Patisipasyon FSS la
lojman an e si premye HA a dakò ak sa. Nan ka sa a, kontra ki te
deja egziste a rete an aplikasyon san chanjman. Premye HA a
dwe transfere balans ki sou kont-an-bank kondisyonèl fanmi an lè
nouvo HA fin resevwa fanmi an nèt.

Pati ki konsène nan Kontra a/Siyati
Chèf fanmi k ap patisipe a dwe se yon granmoun nan fanmi an ki responsab
fwaye kòm moun k ap travay pou fè lajan e ki kapab lwe kay.
Dire Kontra a

(2)

Dat efektif la se premye jou nan mwa a, apre dat kote fanmi an ak yon
reprezantan HA te siyen kontra a.
Dat ekspirasyon an se 5 an aprè dat kontra a kòmanse a.
Si HA a deside pwolonje dire kontra a, fòk yo pase yon kwa sou dat orijinal
ekspirasyon an ki parèt sou paj 1 kontra a, e yo dwe ajoute nouvo dat
ekspirasyon an.
Si fanmi an bwote daprè règleman HCV sou transfè kontra-lwaye a e si l
pral patisipe nan pwogram FSS ke yon lòt HA ofri, dat efektif kontra ant
fanmi an ak nouvo HA a se premye jou mwa ki vini apre dat kote fanmi an
ak reprezantan nouvo HA a siyen kontra a. Dat ekspirasyon kontra ant
nouvo HA a e fanmi an DWE se menm ak dat ekspirasyon kontra ant
premye HA a ak fanmi an.
Kont Kondisyonèl FSS
Chif pou revni ak lwaye k ap enskri sou paj 1 an kapab sòti nan kantite lajan
ki nan dènye re-egzamen ou nan detèminasyon pwovizwa ki te fèt anvan
fammi an te kòmanse patisipe pou la premye fwa nan pwogram FSS la, sòf
si plis pase 120 pral pase ant dat efektif re-egzamen an ak dat efektif kontra
patisipasyon an. Si plis pase 120 jou deja pase, HA a dwe fè yon nouvo
egzamen oubyen yon nouvo detèminasyon pwovizwa.
Si fanmi an bwote daprè règleman HCV sou transfè kontra-lwaye a, e si l
pral patisipe nan pwogram FSS ke yon lòt HA ofri, biwo HA kap resevwa l la
dwe sèvi ak kantite lajan ki enskri pou revni anyèl la (annual income), lajan
moun nan fè (earned income) ak pri lwaye fanmi an peye a; done sa yo
twouve yo sou paj 1 kontra ki te siyen ant premye biwo HA a ak fanmi an.
Chanjman nan kontra a
Kontra patisipasyon sa a kapab chanje sèlman pou modifye dire kontra a,
chanje chèf fwaye a, oubyen plan fòmasyon pèsonèl ak sèvis yo.
Tout chanjman chèf fwaye a, daprè kontra a, dwe vini kòm yon atachman yo
ajoute sou kontra a. Atachman an dwe gen ladan n non moun yo deziye
kòm nouvo chèf fwaye a ak yon reprezantan HA, siyati nouvo chèf fanmi an
ak siyati yon reprezantan HA a epi dat yo siyen an.
Tout chanjman –kit se yon sèl, kit se plizyè- nan plan fòmasyon pèsonèl ak
sèvis yo dwe vini kòm yon revizyon nan plan fòmasyon pèsonèl ak sèvis yo;
e yo va ajoute chanjman sa a (sa yo) nan plas apwopriye a. Revizyon an
dwe gen ladan n bagay ki chanje a, siyati patisipan an ak siyati yon
reprezantan HA a , ak dat yo siyen an.
Pou pwolongasyon dire kontra a, tcheke seksyon “Dire Kontra a”.
Si, 12 mwa apre dat kontra a antre an aplikasyon, yon fanmi k ap patisipe
nan pwogram HCV FSS la bwote ale andeyò jiridiksyon HA daprè règleman
HCV sou transfè kontra-lwaye, yon HA dwe pran youn nan aksyon sa yo:
(1)

Premye HA a kapab pèmèt fanmi an kontinye patisipe nan
pwogram FSS la, si fanmi an rive montre li kapab respekte
responsablite familyal li jan sa di nan kontra konsènan nouvo

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

HA k ap akeyi fanmi an, kapab pèmèt fanmi an patisipe nan
pwogram FSS pa l la. Si sa fèt, premye HA a dwe mete fen nan
kontra li ak fanmi an. Se konsa tou, premye HA a dwe transfere
balans kont kondisyonèl fanmi an, lè nouvo HA k ap akeyi fanmi
an fin resevwa fanmi an nèt. HA ki resevwa fanmi an dwe siyen
yon nouvo kontra ak fanmi an.

(3) Sizoka fanmi an pa kapab satisfè obligasyon familyal li nan nouvo
lojman an, e si nouvo HA a pa pèmèt fanmi an patisipe nan
pwogram FSS li, kontra ant premye HA a ak fammi an ap pran fen
e fanmi an ap pèdi lajan li te genyen nan kont kondisyonèl FSS la.
Plan Fòmasyon Pèsonèl ak Sèvis
Kontra a dwe gen ladan n yon plan fòmasyon/antrènman pèsonèl ak sèvis
pou chèf fanmi an. Lòt manm fanmi an ki genyen 18 tan ou plis, kapab
deside swiv yon plan fòmasyon ak sèvis pèsonèl, si HA a dakò ak sa.
Resous ak sèvis dapui ke chak manm fanmi dwe resevwa, fèt pou parèt sou
yon lis nan plan fòmasyon pèsonèl ak sèvis la ki ajoute sou kontra
patisipasyon an.
Paj 1 plan fòmasyon pèsonèl ak sèvis chak patisipan, genyen sou li plas vid
pou patisipan an mete objektif final la ak premye objektif pwovizwa ki
nesesè pou l reyalize objektif final la. Lòt paj yo ofri yon fòma pou anrejistre
chak objektif pwovizwa ak enfòmasyon egzat ki gen rapò ak reyalizasyon
objektif la. Premye paj plan chak patisipan dwe gen siyati patisipan an ak
reprezantan HA a.
Objektif pwovizwa yo dwe defini ak presizyon ansanm ak aktivite e sèvis ki
nesesè pou reyalize yo. Pa egzanp, yon manman kap viv pou kont li avek
pitit e ki gen kòm objektif pwovizwa pou l fini lekòl segondè li, byen kapab
genyen pou l mennen plizyè aktivite diferan e fè plizyè sèvis anvan pou l
atenn objektif sa a. Pami aktivite ak sèvis sa yo, kapab genyen transpò,
sèvis pwofesè ak gadri pou timoun yo.
Tout dat ki montre fen yon aktivite nan kad plan fòmasyon pèsonèl ak sèvis
la, fòk se jou kontra patisipasyon an ekspire a oubyen yon dat ki vini anvan
sa.
Youn nan objektif pwovizwa pou fanmi k ap resevwa asistans sosyal yo, se
pou yo vin endepandan vizavi asistans sosyal pandan o mwen 12 mwa suivi
anvan fen kontra a. Tout fanmi k ap resevwa asistans sosyal fèt pou gen sa
enskri kòm yon objektif pwovizwa e sou plan fòmasyon pèsonèl ak sèvis
chèf fwaye a.
Objektif final ki enskri sou plan fòmasyon pèsonèl ak sèvis chèf fanmi an,
dwe gen ladan yo nesesite pou l jwenn e kenbe yon travay konvenab ki
koresponn ak talan, edikasyon, fòmasyon pwofesyonèl li, e ak chans pou
moun jwenn travay ki disponib nan zòn nan.
Ankourajman
Si HA deside ofri lòt ankourajman nan kad pwogram FSS la, ankourajman
sa yo kapab twouve yo nan plan fòmasyon pèsonèl ak sèvis la, oubyen sou
fòm yon atachman ki ajoute sou kontra sa a.

Paj 1 sou 2

Fòm HUD-52650-Creole (12/2004)
ref. Handbook 7420.8

Dokiman sa a se tradiksyon yon dokiman legal HUD pibliye. HUD mete tradiksyon sa a a la dispozisyon ou kòm yon senp mwayen konvenab pou ede w
konprann dwa w ak obligasyon w. Vèsyon dokiman sa a ki nan lang angle, se sèl dokiman ki ofisyèl, legal e ki gen valè. Dokiman tradui sa a se pa yon
dokiman ofisyèl.

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 2 sou 2

Fòm HUD-52650-Creole (12/2004)
ref. Handbook 7420.8


File Typeapplication/pdf
File TitleEach Housing Agency (HA) must enter into a contract of participation with each eligible family that opts to participate in the
AuthorHUD
File Modified2008-01-21
File Created2008-01-14

© 2024 OMB.report | Privacy Policy