HUD 52641-Creole Housing Assistance Payments Contracts (HAP Contract)

Housing Choice Voucher Program

CRE 3_HUD_form_52641_FIN

Housing Choice Voucher Program

OMB: 2577-0169

Document [pdf]
Download: pdf | pdf
Kontra Pèman pou Asistans Lojman
(Kontra HAP)

Depatman Lojman
ak Devlopman Iben Lèzetazini
Biwo Lojman Piblik e Endyen

No. Apwobasyon OMB : 2577-0169
(ekspirasyon: 09/30/2010)

Asistans pou Lokatè ki baze sou Seksyon 8 La
Pwogram Vawchè pou Chwa Lojman
Enstriksyon sou itilizasyon Kontra HAP a
Fòm Kontra Pèman pou Asistans Lojman sa a (Kontra HAP) se
yon kontra yo itilize pou ofri lokatè asistans lojman ki baze sou
lwa ki rele Seksyon 8 la, nan kad pwogram vawchè pou chwa
lojman an, yon pwogram Depatman Lojman ak Devlopman Iben
Lèzetazini an (HUD). Prensipal règleman pou pwogram sa a se
Kòd 24 Règleman Federal Pati 982 (24 Code of Federal Regulation
Part 982).
Administratè pwogram vawchè lokal la, se yon Ajans Lojman
Piblik (PHA). Kontra HAP a se yon akò ant PHA a e pwopriyetè
yon apatman (oubyen yon kay) ke yon fanmi lwe gras ak asistans
lojman li resevwa. Kontra HAP a genyen 3 pati :
Pati A : Enfòmasyon sou Kontra a (fòm pou ranpli). Tcheke
enstriksyon ki pale de divès seksyon yo.
Pati B : Kò Kontra a
Pati C: Dokiman Ajoute pou Lokatè a.
Kijan pou Moun Itilize Aplikasyon sa a
Itilize kontra HAP a se yon egzijans HUD. Li entèdi pou moun
pote modifikasyon nan kontra HAP a. Kontra HAP a dwe
repwodui a l’ekri mo pou mo sa HUD di ki dwe nan aplikasyon an.
Sepandan, PHA a gen dwa deside ajoute sa n pral di la a:
Pawòl ki anpeche mèt-kay la reklame depo sekirite ki plis
pase lajan yo abitye mande sou mache piblik la, oubyen ki
plis pase lajan mèt-kay la mande lokatè ki p ap resevwa
asistans lojman. Entèdiksyon sa a dwe antre nan Pati A kontra
HAP a.
Pawòl ki fikse dat mèt-kay la dwe resevwa pèman pou
asistans lojman PHA a ap voye ba li a (pa egzanp, daprè dat ki
sou so lapòs la, oubyen daprè resi mèt kay la bay). Pawòl sa
yo dwe antre nan Pati A kontra HAP a.
Pou ou prepare kontra HAP a, bay tout enfòmasyon Pati A kontra a
mande pou kontra-lwaye a. Ansuit mèt kay la ak PHA a fèt pou
siyen Pati A a.
Itilizasyon pou kèk tip lojman espesyal
An plis itilizasyon pou pwogram vawchè de baz Seksyon 8 la
prevwa a, moun dwe itilize aplikasyon sa a tou pou “tip lojman
espesyal” nou pral site la yo e ki se kèk varyete pwogram vawchè
pou moun ki gen bezwen espesyal (tcheke 24 CFR Pati 982,
seksyon M): (1) lojman ki genyen yon sèl pyès (SRO); (2) lojman
an diplèks ou lojman marasa; (3) kay an gwoup; (4) lojman moun
pataje; (5) kay prefabrike ke yon fanmi lwe ansanm ak espas ki
alantou kay la. Lè aplikasyon sa a ap sèvi pou yon tip lojman
espesyal, yo dwe presize ki tip lojman espesyal li ye nan Pati A
kontra HAP a, jan nou pral di sa la a: “Kontra HAP sa a ap sèvi
pou tip lojman espesyal nou pral presize la a, daprè règleman HUD
pou pwogram vawchè Seksyon 8 la (Mete Non Tip Lojman
Espesyal la).”

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 1 sou 13

Sepandan, aplikasyon sa a pa dwe sèvi pou tip lojman espesyal nou
pral site la yo: (1) Espas alantou yon kay prefabrike ke yon fanmi
lwe moun, si fanmi an se pwopriyetè kay prefabrike a e l ap lwe
moun espas la sèlman; (2) lojman kowoperatif; epi (3) opsyon
dwadpwopriyete daprè Seksyon 8 (y) Lwa Federal Ameriken sou
Lojman ki te parèt an 1937 la (42 U.S.C. 1437f(y)).
Kijan pou Moun Ranpli Parti A
Enstriksyon Seksyon aprè Seksyon
Seksyon 2: Lokatè
Mete tout non lokatè a
Seksyon 3: Kay (apatman) ki nan kontra-lwaye a
Mete adrès apatman an (kay la), san bliye nimewo apatman an, si li
gen yon nimewo.
Seksyon 4 : Manm fwaye a.
Mete tout non tout manm fwaye a ki jwenn apwobasyon PHA a
pou yo viv nan lojman an. Presize si gen moun pami yo ki la pou
ede yon manm fwaye a ki bezwen èd espesyal, e ki gen
apwobasyon PHA pou l abite nan kay la (apatman an) pou pote
sèvis li bay yon manm fanmi an ki andikape.
Seksyon 5 : Dire Premye Peryòd Kontra-Lwaye a
Mete dat premye peryòd kontra-lwaye a kòmanse ak dat l ap fini.
Premye peryòd kontra-lwaye a dwe dire yon lane pou pi piti.
Sepandan, PHA a kapab apwouve yon peryòd ki pi kout si PHA a
fin pa konprann ke:
o yon peryòd ki pi kout kapab amelyore chans
lokatè a pou l jwenn yon pi bon lojman, epi
o yon peryòd ki pi kout koresponn ak
pratik/abitid moun yo sou mache lokal la.
Seksyon 6 : Premye Lajan Lwaye Mèt Kay la ap Resevwa
Mete la a valè lajan pa mwa mèt-kay la ap resevwa pandan premye
peryòd kontra lwaye a. PHA a dwe deside si lajan lwaye a rezonab
lè ou konpare li avèk lòt apatman (kay) menm jan moun lwe san
asistans lojman. Pandan premye peryòd lwaye a, mèt-kay la pa gen
dwa ogmante pri lwaye a.
Seksyon 7: Pèman Pou Asistans Lojman
Mete la a kantite lajan pèman chak mwa pou asistans lojman
pandan premye peryòd la.
Seksyon 8: Gaz-Dlo-Elektrisite ak Aparèy Menaje
Kontra lwaye a ak kontra HAP a dwe presize ki sèvis (gaz, dlo ou
elektrisite) e ki aparèy menaje mèt-kay la dwe ofri, epi ki sèvis
(gaz, dlo, ou elektrisite) e ki aparèy menaje lokatè a dwe bay.
Ranpli seksyon 8 la pou montre kilès ki responsab pou bay sèvis sa
yo ak aparèy menaje yo, oubyen ki responsab pou peye pou yo.

Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

Kontra Pèman pou Asistans Lojman (Kontra HAP)
Asistans pou Lokatè ki baze sou Seksyon 8 La
Pwogram Vawchè pou Chwa Lojman
Pati A Kontra HAP : Enfòmasyon sou Kontra a
(Pou prepare kontra a, ranpli tout enfòmasyon ki nan Pati A a)
1.
Sa ki nan Kontra a:
Pati A : Enfòmasyon sou Kontra a
Pati B : Kò Kontra a
Pati C : Dokiman Ajoute pou lokatè a
2.

Lokatè

3.

Apatman/Kay ki sou Kontra a

4.

Fanmi an (oubyen fwaye a)
Men moun ki gen dwa viv nan kay la (apatman an). Moun pa kapab ajoute lòt non sou kantite manm fwaye a si mèt-kay
la ak PHA a ba bay konsantman yo davans e a lekri.

5.

Dire Premye Peryòd Lwaye a
Premye peryòd lwaye a kòmanse nan dat (mwa/jou/ane) _____________________________
Premye peryòd lwaye a pran fen nan dat (mwa/jou/ane) _____________________________

6.

Lajan Lwaye a pou Premye Peryòd la
Lajan lwaye a pou premye peryòd la se:$ ____________________
Pandan premye peryòd lwaye a, mèt-kay la pa gen dwa monte pri lwaye a.

7.

Pèman Pou Asistans Lojman Pou Premye Peryòd la
Dire kontra HAP a kòmanse sou premye jou premye pryòd kontra-lwaye a. Nan kòmansman peryòd kontra HAP a, valè
lajan PHA a ap bay pwopriyetè a kòm asistans lojman se $_______________ pa mwa. Valè lajan PHA a ap bay
pwopriyetè a pa mwa kòm asistans lojman kapab chanje pandan kontra HAP a valab toujou, daprè sa ki di nan règleman
HUD yo.

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 2 sou 13

Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

8. Nesesite-kay avèk Aparèy Menaje
Nan tablo nou pral prezante la a, nesesite-kay ak aparèy menaje ki genyen “O” devan yo, se mèt-kay la ki dwe peye pou yo.
Lokatè a dwe peye pou nesesite-kay ak aparèy menaje ki genyen “T” devan yo. Mèt-kay la pral genyen pou peye pou tout
nesesite-kay ak aparèy menaje li mete nan kay la (ou apatman an), si tablo sa a pa presize ki moun ki pou peye pou yo.
Atik
Tip Presi Gaz
Sa k ofri li Sa k peye
pou li
Chofaj
Gaz natirèl
Gaz nan boutèy
Lwil ou Elektrik
Chabon ou lòt bagay
Pou Fè Manje
Dlo Cho

Gaz natirèl

Gaz nan boutèy

Lwil ou Elektrik

Chabon ou lòt bagay

Gaz natirèl

Gaz nan boutèy

Lwil ou Elektrik

Chabon ou lòt bagay

Lòt Elektrisite
Dlo
Egou/Dechè
Ranmasaj Fatra
È kondisyone
Frijidè
Microwave
Lòt bagay
(presize)

Siyati:

Ajans Lojman Piblik

Pwopriyetè

Ekri ou tape non PHA a

Ekri ou tape non pwopriyetè a

Siyati

Siyati

Ekri ou tape non ak tit siyatè a

Ekri ou tape non ak tit siyatè a

Dat (mwa/jou/ane)

Dat (mwa/jou/ane)

Poste pèman voye bay:
Non

Adrès (Ri, Vil, Eta, Zipkòd)

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 3 sou 13

Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

Kontra Pèman pou Asistans Lojman
(Kontra HAP)
Asistans pou Lokatè ki baze sou Seksyon 8 La
Pwogram Vawchè pou Chwa Lojman

Depatman Lojman
ak Devlopman Iben Lèzetazini
Biwo Lojman Piblik e Endyen

Pati B Kontra HAP a: Kò Kontra a.
1. Objektif
a. Se yon kontra HAP ant PHA a ak pwopriyetè a.
Objektif kontra HAP a se pote asistans bay fanmi-an
nan kad pwogram vawchè Seksyon 8 la (tcheke
règleman pwogram HUD yo nan 24, Kòd Règleman
Federal, Pati 982).
b. Kontra HAP a aplikab sèlman pou manm fwaye a ak
apataman /kay ke Kontra HAP a presize nan Pati A a.
c. Pandan dire kontra HAP a, PHA a ap bay pwopriyetè a
pèman asistans lojman daprè sa k di nan kontra HAP a.
d. Famni an va resevwa asistans pou l viv nan
apatman/kay ki sou kontra a, nan kad pwogram
vawchè Seksyon 8 la. Pèman lojman PHA a fè yo, ede
lokatè a lwe apatman/kay ki sou kontra nan men
pwopriyetè a pou fanmi an kapab rete ladan n.
2. Lwaye Apatman/Kay ki sou Kontra a
a.
Pwopriyetè a lwe lokatè a apatman/kay ki sou kontra
pou fanmi an viv ladan n avèk asistans li resevwa nan
kad pwogram vawchè Seksyon 8 la.
b.
PHA a apwouve lwaye apatman an (ou kay la) pa respè
pou egzijans pwogram vawchè Seksyon 8 la.
c.
Kontra-lwaye apatman an (kay la) fèt pou gen ladan n
mo pou mo tout dispozisyon ki nan dokiman ajoute
lokatè a, jan HUD mande sa a (Pati C kontra HAP a)
d.
Pwopriyetè a sètifye ke:
(1) Pwopriyetè a ak lokatè a siyen yon kontra-lwaye
apatman (kay) ki gen ladan n tout dispozisyon ki
nan dokiman ajoute lokatè a.
(2) Kontra-lwaye a gen yon fòm nòmal pwopriyetè a
itilize nan tout lokalite a e, an jeneral, se fòm sa a
ki sèvi tou pou lòt lokatè nan bilding nan ki pa
resevwa asistans.
(3) Kontra-lwaye a an akò ak lwa Eta a e lwa lokal yo.
e.
Pwopriyetè a gen responsablite pou l chache konnen si
fanmi an gen konpòtman (oubyen satisfè tout
kondisyon) ki nesesè pou l lwe apatman an/kay la. Se pa
responsablite PHA a. PHA a pa gen okenn kont pou l
rann ni responsablite vizavi pwopriyetè a oubyen nenpòt
lòt moun, pou konpòtman fanmi an ou pou jan fanmi an
aji nan kay la (apatman an).
3. Antretyen, Nesesite-kay, ak lòt Sèvis
a.
Pwopriyetè a fèt pou kenbe apatman an (kay la) e tout
pwopriyete a nan kondisyon ki satisfè Egzijans sou
Kalite Lojman yo (HQS).
b. Pwopriyetè a fèt pou bay tout nesesite-kay ki
endispansab pou li satisfè Egzijans sou Kalite Lojman
yo (HQS).
c. Si pwopriyetè a pa kenbe apatman an (kay-la) nan
kondisyon ki satisfè egzijans sou kalite lojman yo,
oubyen si li pa ofri tout bezwen-kay ki nesesè pou l
satisfè HQS yo, PHA a gen dwa pran dispozisyon pou l
pote yon solisyon selon mwayen li.
Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 4 sou 13

d.

e.

f.
g.

Pami solisyon PHA a kapab pote pou mankman sa yo,
genyen: repran lajan an plis lokatè a te bay pou sèvis li
pa jwenn yo, sispann pèman asistans lojman yo, redui
pèman asistans lojman yo, elimine pèman asistans
lojman yo, epi elimine kontra PHA a nèt. PHA pa
kapab pran dispozisyon sa yo kont pwopriyetè a si se
lokatè a ki pa satisfè Egzijans sou Kalite Lojman yo, e
non pa pwopriyetè a.
PHA pa vèse okenn pèman asistans lojman si
kay/apatman ki sou kontra a pa satisfè kondisyon HQS
yo, amwens ke pwopriyetè a pote solisyon ki nesesè yo
nan espas tan PHA presize a e PHA a verifye pwoblèm
yo rezoud. Si yon pwoblèm poze danje pou lavi moun,
pwopriyetè a genyen 24 trè (e pa plis ke sa) pou l korije
pwoblèm nan. Pou nenpòt ki lòt pwoblèm, pwopriyetè a
dwe rezoud li nan espas tan PHA a presize a.
PHA a gen dwa enspekte apatman an (kay la) e tout
pwopriyete a nenpòt lè PHA a jije nesesè, pou l konnen
si apatman an (kay la) satisfè kondisyon HQS yo.
PHA a dwe mete pwopriyetè a okouran tout pwoblèm li
dekouvri pandan enspeksyon an.
Pwopriyetè a dwe ofri tout bezwen-kay yo (elektrisitedlo-gaz), jan li dakò pou l fè sa nan lontra-lwaye a.

4. Dire Kontra HAP a
a. Rapò ak Dire Kontra-Lwaye a. Dire kontra HAP a
kòmanse sou premye jou premye peryòd lwaye a, e li
pran fen sou dènye jou dire kontra-lwaye a (dire sa a
pran an konsiderasyon dire premye kontra a, plis nenpòt
ki pwolongasyon).
b.

Kilè Kontra HAP a Pran Fen
(1) Kontra HAP a pran fen otomatikman si pwopriyetè
a oubyen lokatè a deside mete fen nan kontralwaye a.
(2) PHA a gen dwa mete fen nan pwogram asistans
fanmi an pou nenpòt ki rezon, depi li gen
otorizasyon pou sa daprè règleman HUD yo. Si
PHA a mete fen nan pwogram asistans fanmi an,
kontra HAP a pran fen otomatikman.
(3) Si fanmi an bwote kite kay (apatman) ki sou kontra
a, kontra HAP a pran fen otomatikman.
(4) Kontra HAP a pran fen otomatikman 180 jou aprè
pwopriyetè a te resevwa dènye pèman asistans
lojman an.
(5) PHA a gen dwa mete fen nan kontra HAP a si, jan
règleman HUD yo di sa a, PHA jwenn fon lajan ki
la pou pwogram nan pa sifi pou pèmèt fanmi ki nan
pwogram nan kontinye resevwa asistans.
(6) PHA a gen dwa mete fen nan kontra HAP a si PHA
jwenn apatman/kay ki sou kontra a pa ofri ase
espas ki nesesè, daprè sa ki di nan HQS yo, akoz
Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

yon ogmantasyon nan kantite moun kap viv nan
fanmi an oubyen yon chanjman nan fason fanmi an
fòme.
(7) Si gen separasyon nan fanmi an, PHA a gen dwa
mete fen nan kontra HAP a, oubyen li ka kontinye
vesè pèman asistans lojman an pou manm fanmi an ki
kontinye viv nan apatman an (kay la).
(8) PHA a gen dwa mete fen nan kontra HAP a si PHA
sjwenn apatman an (kay la) pa sitisfè tout egzijans
HQS yo, oubyen si li jwenn pwopriyetè a vyole
kontra HAP yon fason oubyen yon lòt.
5. Kondisyon sou Bezwen-Kay ak Aparèy Menaje – Pèman
a. Kontra-lwaye a fèt pou presize ki bezwen-kay (elektrisitedlo-gaz, elatriye) pwopriyetè a oubyen lokatè a dwe bay
(oubyen peye pou yo).
b. Kontra-lwaye a dwe presize ki aparèy menaje pwopriyetè
a oubyen lokatè a dwe bay (oubyen peye pou yo).
c. Pati A kontra HAP a presize ki bezwen-kay ak aparèy
menaje pwopriyetè a oubyen lokatè a dwe bay (oubyen
peye pou yo). Sa k di nan kontra-lwaye a fèt pou
koresponn ak sa k di nan kontra HAP a.
6.

7.

Lajan Lwaye Pwopriyetè a Resevwa: Lwaye Rezonab
a. Pandan dire kontra HAP a, lajan pwopriyetè a ap resevwa
pou lwaye a pa dwe depase lajan rezonab moun ta
depanse pou lwe apatman an (kay la) daprè dènye kalkil
PHA a fè e ki baze sou règleman HUD yo.
b. PHA a fèt pou chache konnen si lajan-lwaye pwopriyetè a
ap touche a se yon sòm rezonab, lè l konpare l ak lajan
moun ki pa nan asistans ap peye pou lòt apatman (kay)
menm jan an. Pou PHA a ka rive konn sa, li dwe pran an
konsiderasyon:
(1) pozisyon, kalite, dimansyon, tip konstriksyon, epi
laj apatman (kay) ki sou kontra a; epi
(2) Ekipman, sèvis lojman, antretyen, bezwen-kay
(elektrisite/dlo/gaz) pwopriyetè a ofri oubyen peye
pou yo.
c. PHA a dwe chache konnen pri rezonab lwaye a lè sa
nesesè, an akò ak règleman HUD yo. PHA a gen dwa
chache konnen pri rezonab lwaye a nenpòt ki lè.
d. Pandan dire kontra HAP a, lajan-lwaye pwopriyetè a ap
resevwa pa dwe depase lajan-lwaye moun ki pa nan
asistans ap peye pwopriyetè a pou lòt apatman (kay)
menm jan an ki nan bilding nan. Pwopriyetè a fèt pou bay
PHA a tout enfòmasyon PHA mande sou lajan-lwaye
pwopriyetè ap resevwa pou lòt apatman/kay ki nan
bilding nan oubyen lòt kote.
Lajan PHA Vèse Pwopriyetè a
a. Kilè pou Lwaye Peye
(1) Pandan dire kontra HAP a, PHA dwe vèse
pwopriyetè a chak mwa pèman asistans lojman an
pou fanmi an. Vèsman sa a dwe fèt nan kòmansman
chak mwa.

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 5 sou 13

(2)

PHA a dwe vèse pwopriyetè a pèman asistans
lojman an nan dat pèman an san fot.
(3) Si pèman asistans lojman an pa fèt nan dat pèman
an aprè 2 premye mwa nan dire kontra HAP a,
PHA a dwe peye pwopriyetè a domaj e enterè,
daprè prensip ak lwa ki an pratik jeneralman e ki
fikse pinisyon ki aplikab lè yon lokatè peye lwaye
li an reta, selon jan sa abitye fèt sou mache lokal
la. Sepandan, PHA a pap oblije peye okenn
domaj e enterè pou pèman ki an reta, si HUD
jwenn sa k te koze reta pèman an, se bagay ki pa t
sou kontwòl PHA a. Yon lòt kote, PHA a p ap
oblije peye okenn lajan akoz reta pèman an, si
reta PHA a pran pou l vèse pèman asistans lojman
an se rezilta desizyon responsab yo te pran pou yo
retade pèman an oubyen refize vèse li, kòm
solisyon pou vyolasyon kontra HAP a ke
pwopriyetè a te komèt. Pami solisyon PHA kapab
pote yo, genyen: repran lajan an plis lokatè a te
bay pou sèvis li pa jwenn yo, sispann pèman
asistans lojman yo, redui pèman asistans lojman
yo, elimine pèman asistans lojman yo, e elimine
kontra a nèt.
(4) Pwopriyetè a dwe resevwa pèman asistans lojman
an sèlman lè fanmi an ap viv nan apatman/kay ki
sou kontra a pandan dire kontra HAP a. PHA a p
ap vèse pwopriyetè a pèman asistans lojman an
pou okenn mwa ki vini aprè mwa kote fanmi an
bwote kite apatman an (kay la).
b. Kijan pou Pwopriyetè a respekte kontra li siyen ak
HAP a. Toutotan pwopriyetè a pa fin konfòme l totalman
ak tout kondisyon ki nan kontra HAP a, pwopriyetè a pa
gen okenn dwa pou l resevwa pèman asistans lojman an,
daprè sa k di nan kontra HAP a.
c. Kantite Lajan PHA a dwe bay Powpriyetè a.
(1)
Se PHA a ki pou fikse ki kantite lajan-lwaye
pwopriyetè a ap resevwa pa mwa, daprè règleman
HUD sou lwaye ki nan pwogram vawchè a.
(2)
Kantite lajan PHA a vèse pou pèman asistans
lojman an, kapab chanje pandan dire kontra HAP a,
daprè règleman HUD yo. PHA dwe fè fanmi an ak
pwopriyetè a konnen tout chanjman ki fèt nan lajan
pèman asistans lojman an.
(3)
Pèman asistans lojman pou premye mwa dire
kontra HAP a fèt pou fèt pou yon mwa pasyèl.
d. Pou kisa Pèman yo Sèvi.
Pèman ki fèt chak mwa pou asistans lojman an dwe konte
pou pèman pwopriyetè a reswava pou yon mwa lwaye
apatman an (oubyen kay la).
e. Limit Responsablite PHA a
(1)
Sèl responsablite PHA a, se vèse pwopriyetè a
pèman asistans lojman an, daprè sa k di nan kontra
HAP a e règleman HUD sou lwaye ki nan
pwogram vawchè a.
(2)
PHA a p ap peye okenn pati nan pri lwaye a ki
depase pèman asistans lojman an. PHA a pa p peye
Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

f.

8.

pou okenn reklamasyon pwopriyetè ta fè poutèt yon
aksyon fanmi an komèt.
Si Pwopriyetè a resevwa lajan ki depase. Si PHA a
jwenn ke pwopriyetè a pa ta dwe ap resevwa tout kantite
lajan ki nan pèman asistans lojman an, oubyen yon pati
nan lajan sa a, pami solisyon PHA kapab pote, genyen
dediksyon lajan an plis la sou pèman pwopriyetè gen pou
l resevwa toujou (nan kòb sa a, genyen nenpòt ki lajan
pwopriyetè a ap resevwa nan kad kontra asistans Seksyon
8 la).

Sètifikasyon Pwopriyetè a.
Pandan dire kontra a, pwopriyetè a sètifye :
a.
b.

c.

d.

e.
f.
g.

Pwopiryetè a pral kenbe apatman (kay) ki sou kontra a ak
rès pwopriyete nan kondisyon HQS yo mande a.
Lokatè a siyen kontra pou lwe apatman an (kay la).
Kontra-lwaye a gen ladan n tou dokiman ajoute sou
kontra a (Pati C kontra HAP a), e li satisfè kondisyon ki
nan kontra HAP a ak egzijans pwogram nan. Pwopriyetè a
remèt PHA a yon kopi kontra ak nenpòt ki modifikasyon
ki fèt nan kontra lwaye a.
Lajan-lwaye pwopriyetè a ap resevwa a pa dwe depase
lajan-lwaye moun ki pa nan asistans ap peye pwopriyetè a
pou lòt apatman (kay) menm jan an ki nan bilding nan.
Pandan dire kontra HAP a, sòf lajan lwaye a, pwopriyetè
a pa resevwa ni l pa pral resevwa okenn lòt pèman (nan
men fanmi an, PHA a, HUD oubyen yon lòt sous prive ou
piblik) pou lwaye apatman an (kay la), ni li p ap anvizaje
posiblite sa a non plus tou.
Fanmi an pa posede apatman an (kay la), ni li pa gen
enterè ladan n non plis.
Otan ke pwopriyetè a konnen, fanmi an abite nan apatman
an (kay la), e apatman (kay la ) se sèl rezidans fanmi an.
Pwopriyetè a (se kapab prensipal mèt pwopriyete a ou
nenpòt ki moun konsène) se pa ni papa ni manman, pitit,
grann papa/grann, pitit-pitit, sè, ni frè okenn manm fanmi
an, sòf si PHA a deside, si li apwouve lwaye apatman
an/kay la (malgre lyen parante sa a), sa kapab ofri
aranjman rezonab ki nesesè pou ede yon manm fanmi an
ki andikape. PHA a fèt pou mete pwopriyetè a ak fanmi
an okouran yon fwa li fin pran desizyon sa a.

9. Diskriminasyon Entèdi. Daprè lwa, dekrè ak règleman ki
aplikab sou chans egal pou tout moun :
a. Nan kad kontra HAP a, pwopriyetè a pa dwe fè
diskriminasyon kont okenn moun poutèt ras, koulè,
relijyon, sèks, orijin nasyonal, laj, estati familyal, ni
andikap moun sa a ta genyen.
b. Pwopriyetè a fèt pou kowopere avèk PHA a e avèk HUD
nan travay kap fèt pou wè si kontra yo respekte prensip
chans egal la e nan ankèt sou plent ki gen rapò ak kontra
HAP a.
10. Si Pwopriyetè a Vyole Kontra HAP a.
a. Si pwoproyetè a poze youn nan aksyon nou pral site la yo,
se vyole li vyole kontra HAP a (kit se pwopriyetè
Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 6 sou 13

b.

c.

d.

e.

f.

prensipal la, oubyen yon lòt moun konsène, ki poze
aksyon an).
(1)
Si pwopriyetè a pa respekte youn nan obligasyon
kontra HAP a ba li yo –pami yo : obligasyon
pwopriyetè a genyen pou l pran swen apatman an
(kay la ) daprè règleman HQS yo.
(2)
Si pwopriyetè a pa respekte okenn lòt obligasyon
kontra pèman asistans lojman an ba li, daprè sa k di
nan Seksyon 8 la.
(3)
Si pwopriyetè a fè magouy, bay kout-lajan anba
tab, oubyen si li poze nenpòt ki lòt zak koripsyon
ou zak kriminèl ki ta gen rapò ak nenpòt ki
pwogram federal pou asistans lojman.
(4)
Pou pwojè konsènan lajan ipotèk-kay (mortgage)
HUD asire, oubyen prè-lajan HUD fè, si
pwopriyetè a pa respekte règleman sou asirans
ipotèk yo ou sou pwogram prè lajan yo, si li pa
rekpekte kondisyon ipotèk la oubyen règleman sou
ipotèk yo; oubyen si pwopriyetè a fè magouy, bay
kout-lajan anba tab, oubyen si li poze nenpòt ki lòt
zak koripsyon ou zak kriminèl ki ta gen rapò ak
ipotèk la oubyen lajan prete a.
(5)
Si pwopriyetè a mele nan nenpòt ki aktivite
kriminèl ki gen rapò ak dwòg, oubyen nenpòt ki
aktivite kriminèl vyolan.
Si PHA a konstate gen yon vyolasyon ki fèt, PHA gen dwa
itilize nenpòt ki dwa ak solisyon li genyen a la dispozisyon
li, daprè sa k di nan kontra HAP a, oubyen nenpòt ki lòt
dwa ou solisyon ki koresponn ak yon vyolasyon konsa.
PHA a va mete pwopriyetè a okouran sa l konstate a (san
bliye yon brèf deklarasyon kote li va presize reson ki
jistifye konstatasyon li fè a). Deklarasyon PHA a voye bay
pwopriyetè a kapab mande pou pwopriyetè a pran
dispozisyon pou korije sitiyasyon an nan yon dat-limit
PHA a va mete nan deklarasyon an, daprè sa li verifye ou
deside.
Pami dwa PHA genyen ak solisyon li ka pote nan ka kote
pwopriyetè a ta vyole kontra HAP a, genyen : repran nan
men pwopriyetè a lajan an-plis li resevwa san l pa merite
sa, sispann pèman asistans lojman yo, redui pèman
asistans lojman yo, elimine pèman asistans lojman yo, epi
elimine kontra HAP a nèt.
PHA a gen dwa chache jwenn plis konpansasyon gras ak
yon lòd oubyen yon aksyon legal (pami konpansasyon sa
yo, genyen travay pwopriyetè a ka fè, lòt desizyon lalwa
ka pran pou fè repare domaj yo).
Menm si fanmi an kontinye viv nan apatman an (kay la),
PHA a gen dwa sèvi ak tout dwa li e pote nenpòt ki
solisyon pou l fè fas ak vyolasyon kontra HAP a
pwopriyetè a komèt.
Kit PHA a sèvi (ou pa) ak dwa li genyen pou l fè fas ak
vyolasyon kontra HAP a pwopriyetè a komèt; kit li pote
(ou pa pote) yon solisyon pou vyolasyon sa a, sa pa vle di
PHA a renonse a dwa sa a ou nenpòt ki lòt dwa pou l pote
yon solisyon nenpòt ki lè.
Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

11.

Dwa PHA ak HUD Genyen pou yo Antre sou Pwopriyete
a e nsilte Dosye Pwopriyetè a Prepare
a.

Pwopriyetè a dwe bay tout enfòmasyon ki gen rapò ak
kontra HAP a si PHA a ou HUD gen yon rezon valab pou
yo mande enfòmasyon sa yo.
b. PHA, HUD ak Kontwolè Jeneral Lèzetazini an fèt pou
kapab antre-sòti san pwoblèm e libreman nan apatman
(kay) ki sou kontra a e sou tout pwopriyete a, e yo dwe
kapab tcheke tout kont e tout dosye pwopriyetè a prepare
e ki gen rapò avèk kontra HAP a, san bliye dwa pou yo
analize e kopye dosye yo, ak dwa pou yo fè odit sou yo.
c. Pwopriyetè a dwe bay dwa pou yo fè tchèk sa a sou dosye
ki prepare sou òdinatè ou pa nenpòt ki lòt mwayen
elektwonik, sou tout òdinatè, ekipman, enstalasyon ou
aparèy ki genyen dosye konsa ladan yo, e li dwe bay tout
enfòmasyon ou ofri tout èd ki nesesè responsab yo kapab
tcheke dosye sa yo.
12. Tyès Pèsonn Pa Gen Dwa.
a. Pati B kontra HAP a pa bay fanmi an okenn dwa ni
dirèkteman, ni kòm yon tyès pèsonn. Konsa, fanmi an pa
gen dwa chache aplike anyen nan sa k di nan Pati B a,
menm jan li pa gen dwa egzèse okenn dwa kont
pwopriyetè a ou PHA a, ni chache pote yon solisyon,
daprè sa k di nan Pati B a.
b. Lokatè a oubyen PHA a gen dwa aplike sa k di nan
dokiman ajoute sou kontra-lwaye a (Pati C kontra HAP a)
kont pwopriyetè a, e yo gen dwa egzèse tout dwa e pote
nenpòt ki solisyon kont pwopriyetè a, daprè sa ki di nan
dokiman ajoute a.
c. PHA a pa gen pou pote okenn responsablite si yon moun
blese akoz aksyon pwopriyetè a, ou paske pworiyetè a pa
t fè yon bagay nan kad jesyon apatman (ou kay) ki sou
kontra a, oubyen akoz jan pwopriyetè a respekte kontra
HAP a, oubyen ankò si blese a se rezilta yon lòt aksyon
pwopriyetè a poze, oubyen rezilta yon bagay li pa fè.
PHA a pa gen kont pou l rann lajistis pou yon blese
konsa.
d. Pwopriyetè a se pa yon ajan PHA a, e kontra HAP a pa
tabli ni afekte okenn rapò ant PHA a e bank ki prete
pwopriyetè a kòb, moun ou magazen ki vann li materyo,
anplwaye li, moun ou konpayi ki gen kontra avèk li e ke
pwopriyetè a itilize nan kad jesyon apatman/kay ki sou
kontra a, oubyen tout pwopriyete a, ou nan kad
aplikasyon kontra HAP a.
13. Konfli d Enterè
a. “Yon moun kontra a kouvri” vle di yon moun oubyen yon
antite ki se yon manm youn nan klas nou pral site la yo:
(1) Nenpòt ki manm (prezan ou pase) oubyen yon
anplwaye PHA a (eksepte yon komisè PHA k ap
patisipe nan pwogram nan);
(2) Nenpòt ki anplwaye PHA a, ou nenpòt òmdafè li bay
kontra, sou-tretans, oubyen yon ajan PHA a ki tabli
politik administrativ pwogram nan, ou ki enfliyanse
desizyon kap pran nan pwogram nan.
Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 7 sou 13

(3) Tout ofisyèl piblik, manm gouvènman an, yon
palmantè lokal ou palmantè Eta a, ki okipe yon
fonksyon ou ki egzèse yon otorite ki konekte ak
pwogram nan; oubyen
(4) Nenpòt ki manm Kongrè ameriken an.
b. “Yon moun kontra a kouvri” pa gen dwa genyen okenn
enterè dirèk ou endirèk nan kontra PHA a, oubyen li pa
dwe ap resevwa okenn benefis ni pèman nan kad kontra a
(pami moun konsène yo genyen: manm fanmi pwòch yon
moun akò a kouvri) pandan akò a kouri moun sa a toujou,
oubyen pandan yon lane aprè sa.
c. “Manm fanmi pwòch” vle di mari ou madanm,
papa/manman (san bliye bopè ak bèlmè yon timoun
genyen lè papa ou manman remarye), pitit (san bliye pitit
yon mari oubyen yon madanm te genyen nan yon lòt
maryaj), grann, gran papa, pitit-pitit, sè ou frè (san bliye
yon frè ou yon sè ki se pitit yon nouvo mari ou yon nouvo
madanm) yon moun kontra a kouvri.
d. Pwopriyetè a sètifye ke pèsonn moun ou antite pa genyen
kounye a --ni pa p genyen nan lavni—enterè entèdi pandan
kontra a ap siyen an, ni nan nenpòt ki lòt moman pandan
dire kontra HAP a. Pwopriyetè a gen responsablite pou l
asire l se konsa bagay yo ye.
e. Si ta genyen konfli enterè, pwopriyetè a fèt pou devwale
enterè sa a imedyatman e totalman bay PHA ak HUD.
f. Ofisye teren HUD la kapab siswa sou entèdiksyon konfli
enterè seksyon sa a prevwa a, si gen rezon valab pou sa.
g. Okenn manm ni delege Kongrè ameriken an, ni yon
komisè rezidan, pa gen dwa benefisye de okenn aksyon ou
yon pati nan kontra HAP a, oubyen de okenn avantaj ki
kapab sòti ladan n.
14. Transfè Kontra HAP a.
a. Pwopriyetè a pa gen dwa pase kontra HAP a bay yon
nouvo pwopriyetè san li pa gen davans konsantman ekri
PHA a.
b. Si pwopriyetè a mande konsantman PHA a pou li pase
kontra HAP a bay yon nouvo pwopriyetè, se devwa
pwopriyetè a pou l bay tout enfòmasyon PHA a mande sou
transfè kontra a.
c. Kontra HAP a pa kapab tranfere al jwenn yon nouvo
pwopriyetè ki anba entèdiksyon pou sa, ki anba
sispansyon, ou ki pa gen dwa patisipe nan pwogram nan
pou le moman, daprè règleman HUD yo (tcheke 24, Kòd
Règleman Federal Pati 24).
d. Kontra HAP a pa kapab transfere al jwenn yon nouvo
pwopriyetè si HUD entèdi yon transfè konsa paske:
(1) Gouvènman federal la lanse yon aksyon administratif
ou legal kont pwopriyetè a --oubyen kont nouvo
pwopriyetè li pwopoze a-- poutèt youn nan 2 moun sa
yo vyole Lwa Sou Jistis nan Lokasyon Lojman an,
oubyen lòt règleman federal sou chans egal pou tout
moun, e aksyon sila a toujou an sispan; oubyen
(2) Yon tribinal oubyen yon ajans administratif te jwenn
pwopriyetè a --oubyen nouvo pwopriyetè li pwopoze
a—te vyole Lwa Sou Jistis nan Lokasyon Lojman an,
Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

e.

f.

oubyen lòt règleman federal sou chans egal pou tout
moun.
Kontra HAP a pa kapab transfere al jwenn yon nouvo
pwopriyetè si nouvo pwopriyetè a (kit se prensipal
pwopriyetè a oubyen yon lòt moun ki enterese) se
papa/manman, pitit, grann/gran papa, pitit-pitit, sè oubyen
frè yon manm kèlkonk nan fanmi an, sòf si PHA a fin pa
konprann si li apwouve transfè a malgre lyen parante sa a,
sa kapab ofri aranjman rezonab ki nesesè pou ede yon
manm fanmi an ki andikape. PHA a fèt pou mete fanmi an
okouran yon fwa li fin pran desizyon sa a.
PHA a gen dwa refize apwouve transfè kontra HAP a, si
pwopriyetè a, oubyen nouvo pwopriyetè li pwopoze a (kit
se prensipal pwopriyetè a oubyen yon lòt moun ki
enterese) :
(1) vyole obligasyon li te genyen nan yon kontra sou
pèman asistans lojman, daprè Seksyon 8 la;
(2) te fè magouy, bay kout-lajan anba tab, ou te komèt
nenpòt ki lòt zak koripsyon ou zak kriminèl nan kad
nenpòt ki pwogram Federal sou lojman;
(3) te mele nan nenpòt ki aktivite kriminèl ki gen rapò ak
dwòg, ou nenpòt ki aktivite kriminèl vyolan;
(4) gen dosye ki montre li abitye pa respekte règleman
HQS yo pou apatman/kay li lwe nan kad pwogram
Seksyon 8 la, oubyen li konn vyole prensip sou
asistans lojman Seksyon 8 la prevwa yo, oubyen
règleman sou kay/apatman yo lwe nan kad nenpòt ki
lòt pwogram federal sou lojman.
(5) Gen dosye ki montre li abitye ranje kò li pou l pa
mete fen nan kontra-lwaye lokatè ki patisipe nan
nenpòt ki pwogram federal pou asistans lojman,
alòske li te dwe fè sa akoz aktivite lokatè a, yon
manm kèlkonk nan fanmi an, yon envite, oubyen
nenpòt ki moun ki anba kontwòl yon manm fanmi an
e ki:

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 8 sou 13

(a)

Menase dwa lòt rezidan genyen pou yo viv nan
bilding nan alèz e nan lapè;
(b)
Menase sante ak sekirite lòt rezidan, anplwaye
PHA a, anplwaye pwopriyetè a, oubyen lòt
moun k ap travay pou jere bilding nan.
(c)
Menase sante ak sekirite moun k ap viv nan
vwazinaj imedya pwopriyete a, oubyen dwa
rezidan yo genyen pou yo viv nan bilding nan
alèz e nan lapè; oubyen
(d)
Mele nan aktivite kriminèl ki gen rapò ak
dwòg, oubyen aktivite kriminèl vyolan;
(6) Gen dosye ki montre li abitye lwe apatman/kay nan
kondisyon ki pa satisfè règleman Eta ou lokal sou
lojman yo; oubyen
(7) Pa peye taks Eta ou taks lokal sou byen imobilye (kay
li posede), kontravansyon, oubyen lòt taks
pwopriyete.
g. Nouvo pwopriyetè a fèt pou dakò pou l respekte totalman
kontra HAP a. Pou sa li dwe siyen yon akò ekri ki prezante
sou yon fòm PHA a kapab aksepte. Nouvo pwopriyetè a
dwe bay PHA a yon kopi akò a avèk siyati li sou li.
15. Nòt Ekri. Si PHA a oubyen pwopriyetè a ap prepare yon nòt
ki gen rapò avèk kontra sa a, fòk se yon nòt ekri.
16. Tout Akò a : Entèpretasyon
a. Kontra HAP a genyen ladan n tout akò ki pase ant
pwopriyetè a avèk PHA a.
b.

Entèpretasyon ak miz-an-aplikasyon kontra HAP a dwe
fèt ann akò avèk egzijans HUD yo, san bliye règleman
sou pwogram HUD yo ki nan “24 Kòd Règleman
Federal yo, Pati 982.”

Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

Kontra Peman pou Asistans Lojman
(Kontra HAP)
Asistans pou Lokatè ki baze sou Seksyon 8 La
Pwogram Vawchè pou Chwa Lojman

PATI C KONTRA HAP a : Dokiman Ajoute Sou
Kontra-Lwaye
1. Pwogram Vawchè Seksyon 8 la
a. Pwopriyetè a ap lwe lokatè a apatman/kay ki nan kontra a
pou fanmi lokatè a rete ladan n avèk asistans pou lwaye,
daprè règleman ki nan Pwogram pou Chwa Vawchè ke
Seksyon 8 (pwogram vawchè) Depatman Lojman ak
Devlopman Imen Etazini (HUD) ofri.
b. Pwopriyetè a aksepte siyen yon Kontra Pèman Asistans
Pou Lojman (kontra HAP) avèk PHA a nan kad pwogram
vawchè a. Daprè kondisyon ki nan kontra HAP a, PHA a
va vèse pwopriyetè a pèman asistans pou lojman an pou
ede lokatè a lwe aptaman an (kay la) nan men pwopriyetè
a.
2. Kontra-Lwaye a
a. Pwopriyetè a bay PHA ayon kopi kontra lwaye a, ki
dwegen ladan n tout chanjman/revizyon ki fèt avèk akò ni
pwopriyetè ni lokatè a. Pwopriyetè a dwe sètifye ke
kondisyon ki nan kontra lwaye a, se kondisyon ki an akò
ak tout sa k di nan kontra HAP a e ke kontra lwaye a vini
avèk dokiman ajoute sou kontra a.
b. Lokatè a va gen dwa fè aplike kont pwopriyetè a sa k di
nan dokiman ajoute a. Si genyen nenpòt ki kontradiksyon
ant dokiman ajoute a avèk nenpòt ki lòt kondisyon ki nan
kontra lwaye a, se sa k di nan dokiman ajoute a ki dwe
prime.
3. Itilizasyon apatman/kay ki sou kontra a
a. Pandan dire lwaye a, fanmi an fèt pou rete nan
kay/apatman ki sou kontra a gras ak asistans li va jwenn
nan kad pwogram vawchè a.
b. PHA a dwe apwouve kantite moun ki nan fanmi an.
Fanmi an va prese mete PHA a okouran nenpòt ki nesans,
adopsyon oubyen desizyon tribinal pran pou l bay fanmi
an responsab yon timoun. Okenn lòt moun pa gen dwa vin
viv ak fanmi an san pwopriyetè a ak PHA a pa bay davans
yon otorizasyon ekri pou sa.
c. Se moun PHA a apwouve kòm manm fwaye a ki kapab
rete nan kay/apatman ki sou kontra a. Fòk kay la
(apatman an) se sèl rezidans fanmi an genyen. Manm
fwaye a kapab patisipe nan aktivite legal ki bay pwofi, si
e sèlman si sa ka ede manm fwaye a ranpli kondisyon pou
yo kontinye itilize kay la /apatman an.
d. Lokatè a pa gen dwa sou-lwe ou lwe kay la/apatman an.
e. Lokatè a pa gen dwa pase kontra a bay yon lòt moun, ni
tranfere kay la / apatman an bay yon lòt moun.
4. Pèman Pwopriyetè a Resevwa Pou Lwaye a
a. Premye lajan-lwaye pwopriyetè a ap resevwa a pa fèt pou
depase vale lajan PHA a te apwouve an akò ak règleman
HUD yo.
Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 9 sou 13

Depatman Lojman
ak Devlopman Iben Lèzetazini
Biwo Lojman Piblik e Endyen

b. Se kondisyon ki nan kontra lwaye a ki pou detèmine
tout chanjman nan lajan lwaye pwopriyetè a ap
resevwa. Sepandan, pwopriyetè a pa gen dwa
ogmante lwaye a pandan premye peryòd kontra a
kouvri a.
c. Pandan dire lwaye a (ki gen ladan n premye peryòd
lwaye a avèk tout lòt pwolongasyon kontra a), kòb
pwopriyetè a ap touché a pa ta dwe janm depase:
(1) Pri rezonab yon apatman/kay daprè dènye kalkil
an dat (ou tout nouvo kalkil) PHA te fè daprè
règleman HUD yo, oubyen
(2) Pri lwaye pwopriyetè a resevwa pou lòt
apatman/kay menm jan ki nan bilding nan ou sou
pwopriyete a nan men moun ki p ap resevwa asistans.
5. Pèman Pwopriyetè a Resewva nan Men Fanmi an
a. Fanmi an dwe peye pwopriyetè a tout pati nan pri
lwaye a ke PHA pa bay nan pèman pou Asistans
Lojman an.
b. Chak mwa, PHA a va bay pwopriyetè a yon pèman
pou asistans lojman nan non fanmi an daprè sa k di
nan kontra HAP a. Se PHA a ki va fikse ki kantite
lajan pèman pou aistans lojman an ap ye chak mwa,
daprè sa règleman HUD pou yon lwaye di sou
pwogram vawchè ki nan Seksyon 8 la.
c. Pèman ki fèt chak mwa pou asistans lojman an, va
sèvi kòm vèsman lajan ki dwe fèt chak mwa pou
lwaye apatman an/kay la.
d. Lokatè a pa responsab pou l peye pati lwaye a ke PHA
a gen pou l bay kòm asistans lojman nan kad kontra
HAP ki pase ant pwopriyetè a avèk PHA a. Si PHA
pa bay pwopriyetè a pèman pou asistans lojman an,
sa pa reprezante yon vyolasyon kontra lwaye a.
Pwopriyetè a pa gen dwa mete fen nan kontra lwaye
a poutèt li pa resevwa pèman PHA pou asistans
lojman an.
e. An plis lajan lwaye a, pwopriyetè a pa dwe mande
lajan ni aksepte nan men fanmi an --ni nan men
okenn lòt moun ou òganizasyon—pyès lòt kòb pou
lwaye apatman an /kay la. Lajan lwaye a gen ladan n:
tout sèvis lojman an, antretyen, bòdwo gaz, elektrisite
ak dlo, ak aparèy menaje ke pwopriyetè a dwe bay
(ou peye pou yo) daprè sa k di nan kontra-lwaye a.
f. Pwopriyetè a dwe remèt lokatè a imedyatman tout
lajan ki depase pri lwaye a.
6. Lòt Frè
a. Pri lwaye a pa gen ladan n pri manje oubyen sèvis
d’apui, oubyen mèb ke pwopriyetè a ta mete a la
dispozisyon lokatè a.

Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

b.

Pwopriyetè a pa dwe mande pou lokatè a ou manm fanmi
an peye pou manje, sèvis d’apui ou mèb li ta mete a la
Si yon lokatè pa peye pou bagay sa yo, se pa yon
rezon pou pwopriyetè a mete fen nan kontra lwaye a.
c. Pwopriyetè a pa dwe fè lokatè a peye lajan an plis pou
bagay moun abitye jwenn nan yon apatman (kay) yo
lwe nan rejyon an, oubyen bagay mèt kay la mete
gratis a la dispoziyon lòt lokatè nan bilding nan ki p ap
resevwa asistans.
7. Antretyen, Dlo-Elektrisite-Gaz, ak lòt Sèvis
a. Antretyen
(1). Pwopriyetè a dwe pran swen apatman an ak tout
building nan daprè règleman HQS yo.
(2). Sèvis antretyen ak ranplasman (ki gen ladan n
nouvo dekorasyon) dwe fèt an akò ak prensip yo
aplike nan bilding konsène a e ke pwopriyetè a
tabli.
b. Dlo-Elektrisite-Gaz avèk Aparèy Menaje
(1) Pwopriyetè a dwe ofri kantite dlo-elektrisite-gaz
lokatè a bezwen pou l kapab satisfè egzijans HQS
yo.
(2) Pwopriyetè a pa responsab yon vyolasyon règleman
HQS yo si se lokatè a ki komèt li. Men fason yon
lokatè kapab komèt yon vyolasyon:
(a) Si li pa peye pou dlo/gaz/elektrisite alòske se
li ki dwe peye pou sa.
(b) Si li pa ofri e pran swen kèk aparèy menaje,
alòske se li ki pou ofri yo.
c. Dega Fanmi an fè. Pwopriyete a pa responsab okenn
vyolasyon regleman HQS yo, si se rezilta yon dega swa
yon manm fanmi an, swa yon envite komet e ki depase
kad itilizasyon nòmal pwopriyete a.
d. Sèvis Lojman. Pwopriyetè a dwe ofri tout sèvis yon
lojman dwe genyen ladan n, jan sa di nan kontra lwaye
a.

dispozisyon yo.
c.

8. Fen Kontra Lwaye a sou Desizyon Pwopriyetè
a. Kondisyon. Sèl jan pou pwopriyetè a mete fen nan
lwaye a, se daprè kondisyon ki nan akò lwaye a e an akò
ak egzijans HUD yo.
b. Rezon/jistifikasyon. Pandan dire lwaye a (sètadi
premye dire lwaye a oubyen yon pwolongasyon) sèl jan
pou pwopriyetè a mete fen nan lwaye a se si:
(1)
Genyen vyolasyon grav ou repete kontra lwaye
a;
(2)
Genyen vyolasyon lwa Federal, lokal ou lwa yon
Eta ki bay lokatè a kèk obligasyon ki mache
avèk prezans li nan apatman/kay la, oubyen avèk
fason li dwe sèvi ak apatman/kay la e ak rès
pwopriyete a.
(3) Genyen aktivite kriminèl oubyen itilizasyon
alkòl yon fason egzajere (jan sa di nan paragraf
c); oubyen
(4) Genyen lòt rezon valab (jan sa di nan paragraf
d).
Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 10 sou 13

d.

Aktivite Kriminèl ou Move Itilizasyon Alkòl
(1) Pwopriyetè a gen dwa mete fen nan lwaye a
pandan akò lwaye a valab toujou, si yon moun
pami lokatè yo, yon envite oubyen yon lòt moun
kèlkonk ki anba kontwòl mèt kay la, komèt youn
nan zak sa yo:
(a) Nenpòt ki aktivite kriminèl ki menase sante
oubyen byennèt lòt lokatè (pami yo, genyen
manm pèsonèl ki la pou administre
pwopriyete a e k ap viv sou pwopriyete a);
oubyen tou aktivite ki menase dwa lòt lokatè
genyen pou yo viv alèz e nan lapè nan
apatman yo/kay yo;
(b) Nenpòt ki aktivite kriminèl ki menase sante
oubyen byennèt lòt moun k ap viv nan
vwazinaj imedya a, oubyen aktivite ki
menase dwa moun sa yo genyen pou yo viv
alèz e nan lapè nan apatman yo/kay yo;
(c) Nenpòt ki aktivite vyolan ki dewoule sou
pwopriyete a oubyen tou pre pwopriyete a;
oubyen ankò
(d) Nenpòt ki aktivite dwòg ki dewoule sou
pwoprieyte a oubyen tou pre pwopriyete a.
(2) Pwopriyetè a gen dwa mete fen nan lwaye a
pandan kontra-lwaye a valab toujou si yon moun
kèlkonk nan kay la:
(a) ap kache pou l pa konparèt devan lajistis,
pou yo pa arete li oubyen mete l nan prizon
apre yo fin jwenn li koupab pou yon krim,
oubyen pou tantativ pou li komèt yon krim;
yon moun tribinal jwenn koupab pou yon
vyolasyon grav li te komèt nan zòn li kouri
kite a, oubyen yon moun ki, nan ka Eta New
Jersey, komèt yon vyolasyon minè, men grav;
oubyen tou
(b) vyolasyon libète sou kosyon ou libète
pwovizwa, daprè lwa Federal oubyen lwa yon
Eta.
(3) Mèt kay la gen dwa mete fen nan lwaye a si yon
manm fwaye a ap mennen aktivite kriminèl daprè
sa regleman sa a di; si mèt kay la konstate ke
manm fwaye sa a komèt aktivite kriminèl la,
menmsi lapolis pa t arete manm fwaye a ou si
lajistis pa t jwenn li koupab pou aktivite a.
(4) Mèt kay la gen dwa mete fen nan lwaye a pandan
yon peryòd kote lwaye a valab toujou si yon moun
kèlkonk nan manm fwaye a mele nan zafè bwè
tafya yon fason ki depase limit e ki menase sante,
sekirite oubyen dwa lòt lokatè genyen pou yo viv
alèz e nan lapè nan bilding nan.
Lòt rezon valab ki kapab fè kontra lwaye a pran
fen.
(1) Pandan premye preyòd kontra lwaye a, yon lòt
rezon valab pou mete fen nan lwaye a, fòk se yon
Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

bagay fanmi an fè e ke l pa t sipoze fè, oubyen
yon bagay li pa fè e ke l te sipoze fè.
(2) Pandan premye peryòd kontra lwaye a oubyen
nenpòt ki pwolongasyon, pami lòt rezon valab yo
genyen:
a) Aksyon ki deranje vwazen yo
b) Destriksyon pwopriyete, oubyen
c) Jan yon moun viv oubyen fason li kenbe yon
kay ki kapab koze dega nan apatman an
oubyen nan pwopriyete a.
(3) Aprè premye peryòd lwaye a, pami rezon valab yo
genyen:
a) Si lokatè a refize aksepte òf mèt kay la fè pou
ba li yon nouvo kontra oubyen pou li fè
chanjman nan kontra a;
b) Si pwopriyetè a vle sèvi ak apatman an (kay
la) pou itilizasyon pa li oubyen pou fanmi li,
oubyen pou lòt rezon eksepte itilize li pou
lwe kòm yon kote moun pral rete; oubyen
c) Biznis oubyen pwofi ekonomik kapab sèvi
kòm rezon valab pou mete fen nan kontra
lwaye a --tankou si mèt kay la ap vann
pwopriyete a, fè renovasyon nan apatman an
(kay la), oubyen si mèt kay la deside lwe
apatman an (kay la) pou plis lajan.

e.
f.

Degèpisman sou lòd tribinal. Se ak lòd yon tribinal
sèlman mèt kay la kapab mete yon lokatè deyò.
Rezon mèt kay la dwe bay
1) nan kòmansman (e menm anvan kòmansman) yon
aksyon pou mete yon lokatè deyò ak lòd yon
tribinal, mèt kay la dwe bay lokatè a yon anons ki
presize rezon ki fè li mete fen nan lwaye a. Anons
la kapab fè pati yon anons degèpisman pwopriyetè
a pral fè egzekite, oubyen se kapab 2 anons separe.
2) Pwopriyetè a fèt pou bay PHA a yon kopi nenpòt ki
anons degèpisman yon lokatè nan menm moman
kote mèt kay la ap bay lokatè a anons la.
3) Yon anons degèpisman vle di yon anons pou yon
moun bwote kite yon apatman (yon kay), oubyen se
yon plent ou ankò lòt fòm mezantant yon moun ka
itilize pou l kòmanse yon aksyon degèpisman,
daprè lwa yon Eta oubyen lwa lokal.

9. Kontra Lwaye : Rapò ak Kontra HAP a
Si kontra HAP a pran fen pou yon rezon kèlkonk, kontra
lwaye a pran fen otomatikman.
10. PHA a Ka Mete fen nan Asistans la
PHA a kapab mete fen nan pwogram asistans pou fanmi an
pou nenpòt ki rezon ki ba l otorite pou sa, daprè sa
kondisyon HUD yo prevwa. Si PHA a mete fen nan
pwogram asistans pou fanmi an, kontra -lwaye a pran fen
otomatikman.
Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 11 sou 13

11. Fanmi an Bwote

Lokatè a fèt pou mete PHA a ak mèt kay la okouran
plan li genyen pou l bwote kite kay la (apatman an)
anvan li bwote vrèman.
12. Depo Sekirite
a. Mèt kay la gen dwa mande lokatè a bay yon depo
sekirite. (Sepandan, PHA a kapab anpeche mèt kay la pran
depo sekirite sa a, si se pa abitid la sou mache prive a, ou si
yon depans an plis pou lokatè ki p ap resevwa asistans yo.
Kontra HAP a dwe genyen ladan n detay sou nenpòt ki
restriksyon konsa ke PHA a kapab mete sou yon kontra
lwaye.)
b. Lè fanmi an bwote kite apatman an (oubyen kay la),
pwopriyetè a –ki gen pou reponn devan lwa Eta a oubyen
lwa lokal—kapab sèvi ak depo sekirite a (plis nenpòt ki
enterè sou depo a) kòm konpansasyon pou nenpòt lajan
lwaye lokatè a pa peye, nenpòt ki dega ki fèt nan kay la,
oubyen nenpòt ki kòb lokatè a ta dwe peye daprè kontra
lwaye a.
c. Pwopriyetè a fèt pou bay lokatè a yon lis tout bagay
depo sekirite a peye e presize pri chak nan bagay sa yo. Lè
pwopriyetè a fin wete kòb pou tout bagay sa yo kòm
konpansasyon –si li te gen pou wete- li fèt pou remèt
lokatè a tout rès kòb la.
d. Si depo sekirite a pa ase pou peye tout lajan lokatè a
dwe daprè sa k di nan kontra lwaye a, pwopriyetè a gen
dwa mande lokatè peye rès kòb la.
13. Diskriminasyon Entèdi
Lè pwopriyetè a ap ofri yon kontra-lwaye, pa respè pou lwa,
dekrè oubyen règleman ki aplikab sou “chans egal pou tout
moun”, li pa gen dwa fè diskriminasyon kont okenn moun pou
zon ras, koulè, relijyon, sèks, orijin nasyonal, laj, estati familyal
oubyen paske yon moun gen yon andikap kèlkonk.
14. Kontradiksyon avèk lòt dispozisyon ki nan kontwa
lwaye a
a.
Se HUD ki tabli kondisyon ki nan dokiman ajoute sou
kontra-lwaye a, an akò ak lwa e règleman federal yo, kòm yon
kondisyon pou lokatè a ak fanmi lokatè a jwenn èd federal, nan
kad pwogram vawchè Seksyon 8 la.
b.
Sizoka genyen kontradiksyon ant dispozisyon ki nan
dokiman ajoute HUD egzije a, e nenpòt ki pati nan kontra
lwaye a, oubyen nenpòt ki lòt antant ant pwopriyetè a ak lokatè
a, se egzijans HUD ki nan dokiman ajoute a ki pral prime.
15. Chanjman nan Kontwa-Lwaye a e nan Pri-Lwaye a
a. Lokatè a ak pwopriyetè a pa gen dwa fè okenn chanjman nan
dokiman ajoute a. Sepandan, si lokatè a ak pwopriyete a antann
yo pou yo fè nenpòt ki chanjman nan kontra-lwaye a, chanjman
sa yo dwe fèt a l’ekri, e pwopriyetè a fèt pou bay PHA a yon
kopi chanjman sa yo imedyatman. Kontra-lwaye a e tout
chanjman dwe ale nan menm sans ak egzijans ki nan dokiman
ajoute a.
b. Si PHA a pa apwouve pwolongasyon kontra-lwaye a --an
akò avèk egzijans pwogram nan-- e si PHA a pa siyen yon

Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

nouvo kontra avèk pwopriyetè a, èd ki baze sou lefèt ke yon
moun se yon lokatè, p ap kontinye nan ka nou pral wè la yo:
(1) Si genyen chanjman nan kondisyon lwaye a konsènan
responsablite lokatè a ak pwopriyetè a pou sa ki gen rapò ak
gaz-elektrisite-dlo, oubyen aparèy menaje;
(2) Si genyen chanjman nan kondisyon kontra-lwaye a ki gen
rapò ak dire lwaye a;
(3) Si fanmi an bwote al rete nan yon lòt apatman/kay, menm
si apatman/kay sa a twouve l nan menm bilding nan ou sou
menm pwopriyete a.
c. Pou pwopriyetè a ak lokatè a fè chanjman nan kontwalwaye a, li pa nesesè pou PHA a bay konsantman li pou kontralwaye a valab ou pou yo renouvle kontra HAP a; sèl kondisyon
ki valab, se sa ki di nan paragraf b a.
d. Pwopriyetè a fèt pou mete PHA a okouran tout chanjman
nan pri lwaye pwopriyetè a ap touche a; fòk PHA a gen
enfòmasyon sa a omwen 60 (swasant) jou anvan okenn
chanjman antre an aplikasyon, e nouvo pri lwaye a aprè 2 pati
yo fin antann yo sou chanjman an, pa ta dwe depase pri rezonab
pwopriyetè a dwe mande pou apatman an/kay la, daprè dènye
kalkil PHA te fè an akò avèk egzijans HUD yo.

16. Nòt/Anons
Tout nòt/anons lokatè a vle voye bay pwopriyetè ou pwopriyetè
a vle voye bay lokatè a, konsènan kontra-lwaye a, dwe fèt a
lekri.
17. Definisyon

PHA a peye pwopriyetè a lajan asistans lojman an, an akò avèk
kontra HAP a.

Fwaye (Household): Se tout moun ki gen dwa viv nan lojman
an. Fwaye a gen ladan n fanmi an ak tout moun PHA a
apwouve pou viv nan lojman an e ede fanmi an. (Yon asistan
konsa dòmi-leve nan kay la pou l ofri sèvis-dapui ki nesesè pou
yon manm fanmi an ki andikape).

Règleman sou Kalite Bon Lojman (Housing Quality
standards -HQS). Se Règleman HUD tabli sou kalite
minimòm yon lojman dwe genyen pou l antre nan pwogram
asistans lojman an, daprè sa Seksyon 8 la prevwa pou yon
lokatè kalifye pou asistans sa a.

HUD: Depatman Lojman ak Devlopman Iben Lèzetazini.

Egzijans HUD (HUD Requirements) : Se egzijans HUD pou
Pwogram Seksyon 8 la. Se katye-jeneral HUD yo ki pibliye
egzijans HUD yo. Egzijans sa yo se: règleman, nòt ki nan Rejis
Federal yo, oubyen lòt direktiv sou pwogram yo ke moun dwe
respekte.

Kontra-lwaye (Lease): Akò ekri ant pwopriyetè a ak lokatè a
pou lokatè a lwe apatman an/kay la. Kontra-lwaye a dwe mache
ak dokiman ajoute ke HUD egzije a.

PHA: Ajans Lojman Piblik

Apatman/Kay sou Kontra (Contract Unit): Se yon kote
moun abite e ke yon lokatè lwe avèk asistans li jwenn nan kad
pwogram nan.

Fanmi (family): Se tout moun k ap viv nan apatman an/kay la,
gras ak asistans yo jwenn nan kad pwogram nan.

Kontra HAP (HAP Contract): Kontra ki pase ant PHA a ak
pwopriyetè a sou èd lokatè a pral jwenn pou l peye lojman an.
Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 12 sou 13

Pwopriyete/Konplèks (Premises): Se bilding kote apatman
an/kay la ye a, plis tout lòt zòn ak teren fanmi an pataje ak lòt
lokatè.

Pwogram (Program) : Pwogram Chwa Vawchè pou Lojman
an, ke Seksyon 8 la tabli.

Pri Lwaye pa Mwa (Rent to Owner): Se lajan total
pwopriyetè a dwe resevwa chak mwa a pou apatman an/kay la.
Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

Pri Lwaye pa mwa a egal sòm lajan lokatè a peye a, plis pèman
PHA a bay pwopriyetè a pou l ede lokatè a.

Lokatè (Tenant): Manm fanmi an (youn oubyen plis) ki lwe
apatman an/ kay la nan men pwopriyetè a.

Seksyon 8 (Section 8): Se Sekyon 8 Lwa Federal Lèzetazini
sou Lojman ki te pase an 1937 (42 United States Code 1437f).

Pwogram Vawchè (Voucher Program) : Se pwogram vawchè
pou Chwa Lojman ke Seksyon 8 la prevwa a. Nan kad
pwogam sa a, HUD bay yon PHA lajan pou li ede fanmi ki
kalifye peye lwaye yo. Lokatè ki siyen kontwa-lwaye a va
resevwa èd daprè sa ki di nan pwogram vawchè a.

Dokiman sa a se tradiksyon yon dokiman legal HUD pibliye. HUD mete tradiksyon sa a a la dispozisyon ou kòm yon senp mwayen
konvenab pou ede w konprann dwa w ak obligasyon w. Vèsyon dokiman sa a ki nan lang angle, se sèl dokiman ki ofisyèl, legal e ki
gen valè. Dokiman tradui sa a se pa yon dokiman ofisyèl.

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 13 sou 13

Fòm HUD-52641-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8


File Typeapplication/pdf
File Title52641
AuthorRSV
File Modified2008-02-25
File Created2008-02-25

© 2024 OMB.report | Privacy Policy