Housing Choice Voucher Program

Housing Choice Voucher Program

CRE 4_HUD_form_52641-A_FIN

Housing Choice Voucher Program

OMB: 2577-0169

Document [pdf]
Download: pdf | pdf
Dokiman Ajoute Pou Lokatè
Asistans Ki Baze sou Lwaye nan Kad Seksyon 8 la
Pwogram Vawchè pou Chwa Lojman

Depatman Lojman
ak Devlopman Iben Lèzetazini
Biwo Lojman Piblik e Endyen

No. Apwobasyon OMB : 2577-0169
(ekspirasyon: 09/30/2010)

(Atache dokiman sa a sou Kontra-Lwaye Lokatè a)
1.

Pwogram Vawchè Seksyon 8 la
a. Pwopriyetè a ap lwe lokatè a apatman/kay ki nan kontra a
pou fanmi lokatè a rete ladan n avèk asistans pou lwaye,
daprè règleman ki nan Pwogram Vawchè pou Chwa
Lojman ke Seksyon 8 (pwogram vawchè) Depatman
Lojman ak Devlopman Imen Lèzetazini (HUD) ofri.
b. Pwopriyetè a aksepte siyen yon Kontra Pèman Asistans
Pou Lojman (kontra HAP) avèk PHA a nan kad pwogram
vawchè a. Daprè kondisyon ki nan kontra HAP a, PHA a
va vèse pwopriyetè a pèman asistans pou lojman an pou
ede lokatè a lwe apatman an (oubyen kay la) nan men
pwopriyetè a.
2. Kontra Lwaye a
a. Pwopriyetè a bay PHA a yon kopi kontra-lwaye a, ki dwe
gen ladan n tout chanjman/revizyon ki fèt avèk akò
pwopriyetè e akò lokatè a. Pwopriyetè a dwe sètifye ke
kondisyon ki nan kontra lwaye a, se kondisyon ki an akò
ak tout sa k di nan kontra HAP a, e ke kontra lwaye a vini
avèk dokiman ajoute sou kontra a.
b. Lokatè a va gen dwa fè aplike kont pwopriyetè a sa k di
nan dokiman ajoute a. Si genyen nenpòt ki kontradiksyon
ant dokiman ajoute a avèk nenpòt ki lòt kondisyon ki nan
kontra-lwaye a, se sa k di nan dokiman ajoute a ki dwe
prime.
3. Itilizasyon apatman/kay ki sou kontra a
a. Pandan dire lwaye a, fanmi an fèt pou rete nan
kay/apatman ki sou kontra a gras ak asistans li va jwenn
nan kad pwogram vawchè a.
b. PHA a dwe apwouve kantite moun ki nan fanmi an.
Fanmi an va prese mete PHA a okouran nenpòt ki nesans,
adopsyon oubyen desizyon tribinal pran pou l bay fanmi
an responsab yon timoun. Okenn lòt moun pa gen dwa vin
viv ak fanmi an san pwopriyetè a ak PHA a pa bay davans
yon otorizasyon ekri pou sa.
c. Se moun PHA a apwouve kòm manm fwaye a ki kapab
rete nan kay/apatman ki sou kontra a. Fòk se kay la
(apatman an) sèlman fanmi an genyen kòm kote pou l
rete. Manm fwaye a kapab patisipe nan aktivite legal ki
bay pwofi, si e sèlman si sa ka ede manm fwaye a ranpli
kondisyon pou yo kontinye itilize kay la /apatman an.
d. Lokatè a pa gen dwa sou-lwe ou lwe kay la/apatman an.
e. Lokatè a pa gen dwa pase kontra a bay yon lòt moun, ni
tranfere kay la/ apatman an bay yon lòt moun.
4.
Pèman Pwopriyetè a Resevwa Pou Lwaye a
a. Premye lajan lwaye pwopriyetè a ap resevwa a pa fèt pou
depase vale lajan PHA a te apwouve an akò ak règleman
HUD yo.
b. Se kondisyon ki nan kontra lwaye a ki pou detèmine tout
chanjman nan lajan lwaye pwopriyetè a ap resevwa.
Sepandan, pwopriyetè a pa gen dwa ogmante lwaye a
pandan premye peryòd kontra a kouvri a.
c. Pandan dire lwaye a (ki gen ladan n premye peryòd lwaye
a avèk tout lòt pwolongasyon kontra a), kòb pwopriyetè a
ap touche a pa ta dwe janm depase:
Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

(1) Pri rezonab yon apatman/kay selon dènye kalkil
an dat (ou tout nouvo kalkil) PHA te fè daprè
règleman HUD yo, oubyen
(2) Pri lwaye pwopriyetè a resevwa pou lòt
apatman/kay ki nan bilding nan oubyen sou
pwopriyete a ki pa resevwa asistans.
5.

6.

7.

Paj 1 sou 4

Pèman Pwopriyetè a Resevwa nan Men Fanmi an
a. Fanmi an dwe peye pwopriyetè a tout pati nan pri lwaye a
ke PHA a pa peye nan kad Asistans Lojman an.
b. Chak mwa, PHA a va bay pwopriyetè a yon pèman pou
asistans lojman nan non fanmi an, daprè sa k di nan
kontra HAP a. Se PHA a ki va fikse ki kantite pèman pou
asistans lojman an ap ye chak mwa, daprè sa règleman
HUD pou yon lwaye di sou pwogram vawchè ki nan
Seksyon 8 la.
c. Pèman ki fèt chak mwa pou asistans lojman an, va sèvi
kòm vèsman lajan ki dwe fèt chak mwa pou lwaye
apatman an/kay la.
d. Lokatè a pa responsab pou l peye pati lwaye a ke pèman
PHA a pou asistans lojman an kouvri nan kad kontra HAP
ki pase ant pwopriyetè a avèk PHA a. Si PHA pa bay
pwopriyetè a pèman pou asistans lojman an, sa pa
reprezante yon vyolasyon kontra-lwaye a. Pwopriyetè a
pa gen dwa mete fen nan kontra lwaye a poutèt li pa
resevwa pèman PHA pou asistans lojman an.
e. An plis lajan lwaye a, pwopriyetè a pa dwe mande lajan
ni aksepte nan men fanmi an --oubyen okenn lòt moun ou
òganizasyon—pyès lòt lajan pou lwaye apatman an /kay
la. Lajan lwaye a gen ladan n: tout sèvis lojman an,
antretyen, bòdwo gaz, elektrisite ak dlo, ak aparèy menaje
ke pwopriyetè a dwe bay ou peye daprè sa k di nan
kontra-lwaye a.
f. Pwopriyetè a dwe remèt lokatè a imedyatman tout lajan ki
depase pri lwaye a.
Lòt Frè
a. Pri lwaye a pa gen ladan n pri manje oubyen sèvis d’apui,
oubyen mèb ke pwopriyetè a ta mete a la dispozisyon
lokatè a.
b. Pwopriyetè a pa gen dwa mande pou lokatè a ou manm
fanmi an peye pou manje, sèvis d’apui ou mèb li ta mete a
la dispozisyon yo. Si yon lokatè pa peye pou bagay sa yo,
se pa yon rezon pou pwopriyetè a mete fen nan kontra
lwaye a.
c. Pwopriyetè a pa dwe fè lokatè a peye lajan an plis pou
bagay moun abitye jwenn nan yon apatman (oubyen yon
kay) yo lwe nan rejyon an, oubyen bagay mèt kay la mete
gratis a la dispozisyon lòt lokatè nan building nan ki pa
resevwa asistans.
Antretyen, Dlo-Elektrisite-Gaz, ak lòt Sèvis
a. Antretyen
(1) Pwopriyetè a dwe pran swen apatman an ak tout
bilding nan daprè règleman HQS yo.
Fòm HUD-52641-A-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

8.

(2) Sèvis antretyen ak ranplasman (ki gen ladan n nouvo
dekorasyon) dwe fèt an akò ak prensip yo aplike nan
bilding konsène a e ke pwopriyetè a tabli.
b. Dlo-Elektrisite-Gaz avèk Aparèy Menaje
(1) Pwopriyetè a dwe ofri kantite dlo-elektrisite-gaz
lokatè a bezwen pou l kapab satisfè egzijans HQS yo.
(2) Pwopriyetè a pa responsab yon vyolasyon règleman
HQS yo si se lokatè a ki koze sa. Men fason yon
lokatè kapab koze yon vyolasyon:
(a) Si li pa peye pou dlo/gaz/elektrisite alòske se li
ki dwe peye pou sa.
(b) Si li pa ofri e pran swen kèk aparèy menaje,
alòske se li ki pou ofri yo.
c. Dega Fanmi an fè. Pwopriyetè a pa responsab okenn
vyolasyon regleman HQS yo, si se rezilta yon dega swa yon
manm fanmi an, swa yon envite komèt e ki depase kad
itilizasyon nòmal pwopriyete a.
d. Sèvis Lojman. Pwopriyete a dwe ofri tout sèvis lojman,
jan sa di nan kontra lwaye a.
Fen Kontra Lwaye a sou Desizyon Pwopriyetè a
a. Kondisyon. Sèl jan pou pwopriyetè a mete fen nan lwaye
a, se daprè kondisyon ki nan akò lwaye a e an akò ak
egzijans HUD yo.
b. Rezon/jistifikasyon. Pandan dire lwaye a (sètadi premye
dire lwaye a oubyen yon pwolongasyon), sèl jan pou
pwopriyetè a mete fen nan lwaye a se si:
(1) Genyen vyolasyon grav ou repete kontra lwaye a.
(2) Genyen vyolasyon lwa Federal, lokal ou lwa yon
Eta ki bay lokatè a kèk obligasyon ki mache avèk
prezans li nan apatman/kay la, oubyen avèk fason li
dwe sèvi ak apatman/kay la e ak rès pwopriyete a.
(3) Genyen aktivite kriminèl oubyen itilizasyon alkòl
yon fason egzajere (jan sa di nan paragraf c);
oubyen
(4) Genyen lòt rezon valab (jan sa di nan paragraf d).
c. Aktivite Kriminèl ou Move Itilizasyon Alkòl
(1) Pwopriyetè a gen dwa mete fen nan lwaye a pandan
akò-lwaye a valab toujou, si yon moun pami lokatè
yo, yon envite oubyen yon lòt moun kèlkonk ki sou
kontwòl rezidan a, komèt youn nan zak sa yo:
(a) Nenpòt ki aktivite kriminèl ki menase sante
oubyen byennèt lòt lokatè (pami yo, genyen
manm pèsonèl ki la pou administre
pwopriyete a e k ap viv sou pwopriyete a);
oubyen tou aktivite ki menase dwa lòt lokatè
yo genyen pou yo viv alèz e nan lapè nan
apatman yo/kay yo;
(b) Nenpòt ki aktivite kriminèl ki menase sante
oubyen byennèt lòt moun k ap viv nan
vwazinaj imedya a, oubyen aktivite ki menase
dwa moun sa yo genyen pou yo viv alèz e nan
lapè nan apatman yo/kay yo;
(c) Nepòt ki aktivite vyolan ki dewoule sou
pwopriyete a oubyen tou pre pwopriyete a;
oubyen ankò
(d) Nenpòt ki aktivite dwòg ki dewoule sou
pwopriyete a oubyen tou pre pwopriyete a.
(2) Pwopriyetè a gen dwa mete fen nan lwaye a pandan
kontra-lwaye a valab toujou si yon moun kèlkonk
nan kay la:

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 2 sou 4

d.

e.
f.

(a) ap kache pou li pa konparèt devan lajistis, pou yo
pa arete li oubyen mete l nan prizon apre yo fin
jwenn li koupab pou yon krim, oubyen pou
tantativ pou l komèt yon krim; yon moun tribinal
jwenn koupab pou yon vyolasyon grav li te
komèt nan zòn li kouri kite a, oubyen yon moun
ki, nan ka eta New Jersey, komèt yon vyolasyon
minè, men grav; oubyen tou
(b) vyole libète sou kosyon ou libète pwovizwa,
daprè lwa federal oubyen lwa yon Eta.
(3) Mèt kay la gen dwa mete fen nan lwaye a si yon
manm fwaye a ap mennen aktivite kriminèl daprè sa
regleman sa a di, si mèt kay la konstate ke manm
fwaye sa a komèt aktivite kriminèl la, menmsi
lapolis pa t arete manm fwaye a ou si lajistis pa t
jwenn li koupab pou aktivite a.
(4) Mèt kay la gen dwa mete fen nan lwaye a pandan
yon peryòd kote lwaye a valab toujou si yon moun
kèlkonk nan manm fwaye a mele nan zafè bwè
tafya yon fason ki depase limit e ki menase sante,
sekirite oubyen dwa lòt lokatè genyen pou yo viv
nan bilding alèz e nan lapè.
Lòt rezon valab ki kapab fè kontra lwaye a pran fen.
(1) Pandan premye preyòd kontra lwaye a, yon lòt rezon
valab pou mete fen nan lwaye a, fòk se yon bagay
fanmi an fè e ke li pa t sipoze fè, oubyen yon bagay
fanmi an pa fè e ke li te sipoze fè.
(2) Pandan premye peryòd kontra lwaye a oubyen nenpòt
ki pwolongasyon, pami lòt rezon valab yo genyen:
(a) Aksyon ki deranje vwazen yo
(b) Destriksyon pwopriyete, oubyen
(c) Jan yon moun viv oubyen fason li kenbe yon kay
ki kapab koze dega nan apatman an oubyen nan
pwopriyete a.
(3) Aprè premye peryòd lwaye a, pami rezon valab yo
genyen:
(a) Si lokatè a refize aksepte òf mèt kay la fè pou ba
li yon nouvo kontra oubyen pou li fè chanjman
nan kontra a;
(b) Si pwopriyetè a vle sèvi ak apatman an (kay la)
pou itilizasyon pa li oubyen pou fanmi li, oubyen
pou lòt rezon eksepte itilize li pou lwe kòm yon
kote moun pral rete; oubyen
(c) Biznis oubyen pwofi ekonomik kapab sèvi kòm
rezon valab pou mete fen nan kontra lwaye a -tankou si mèt kay la ap vann pwopriyete a, fè
renovasyon nan apatman an (kay la), oubyen si
mèt kay la deside lwe apatman an (kay la) pou
plis lajan.
Degèpisman sou lòd tribinal. Se ak lòd yon tribinal
sèlman mèt kay la kapab mete yon lokatè deyò.
Rezon mèt kay la dwe bay
(1) Nan kòmansman (e menm anvan kòmansman) yon
aksyon pou mete yon lokatè deyò ak lòd yon tribinal,
mèt kay la dwe bay lokatè a yon anons ki presize
rezon ki fè li mete fen nan lwaye a. Anons la kapab fè
pati yon lòd degèpisman pwopriyetè a pral fè
egzekite, oubyen se kapab 2 anons separe.

Fòm HUD-52641-A-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

(2) Pwopriyetè a fèt pou remèt PHA a yon kopi nenpòt ki
lòd degèpisman l ap bay yon lokatè nan menm
moman kote pwopriyetè a ap bay lokatè a lòd la.
(3) Yon lòd degèpisman vle di yon anons pou yon moun
bwote kite yon apatman (yon kay), oubyen se yon
plent ou ankò yon lòt rezon ekri yon moun ka itilize
pou l kòmanse yon aksyon degèpisman, daprè lwa
yon Eta oubyen lwa lokal yo.
Kontra Lwaye : Rapò ak Kontra HAP
Si kontra HAP a pran fen pou yon rezon kèlkonk, kontra
lwaye a pran fen otomatikman.
PHA a Ka Mete Fen nan Asistans la
PHA a kapab mete fen nan pwogram asistans pou fanmi an
pou nenpòt ki rezon ki ka fè l itilize otorite li gen pou sa,
daprè sa kondisyon HUD yo prevwa. Si PHA a mete fen nan
pwogram asistans pou fanmi an, kontra-lwaye a pran fen
otomatikman.
Fanmi an Bwote
Lokatè a dwe enfòme PHA a avèk pwopriyetè a anvan pou
fanmi an bwote kite apatman an/kay la.
Depo Sekirite
a. Mèt kay la gen dwa mande lokatè a vèse yon depo
sekirite. (Sepandan, PHA a kapab anpeche mèt kay la
pran depo sekirite sa a, si se pa abitid la sou mache prive
a, ou si lokatè ki pa p resevwa asistans yo pa gen pou fè
depo sekirite sa a. Kontra HAP a dwe genyen ladan n
detay sou nenpòt ki restriksyon konsa ke PHA a kapab
mete sou yon kontra lwaye.)
b. Lè fanmi an bwote kite apatman an (oubyen kay la),
pwopriyetè a –ki gen pou reponn devan lwa Eta a oubyen
lwa lokal—kapab sèvi ak depo sekirite a (plis nenpòt ki
enterè sou depo a) kòm konpansasyon pou nenpòt lajan
lwaye lokatè a pa peye, nenpòt ki dega ki fèt nan kay la,
oubyen nenpòt ki kòb lokatè a ta dwe peye daprè kontra
lwaye a.
c. Pwopriyetè a fèt pou bay lokatè a yon lis tout bagay depo
sekirite a peye e presize pri chak nan bagay sa yo. Lè
pwopriyetè a fin wete kòb pou tout bagay sa yo kòm
konpansasyon –si li te gen pou wete- li fèt pou remèt
lokatè a tout rès kòb la.
d. Si depo sekirite a pa ase pou peye tout lajan lokatè a dwe
daprè sa k di nan kontra lwaye a, pwopriyetè a gen dwa
egzije lokatè peye rès kòb la.
Diskriminasyon Entèdi
Lè pwopriyetè a ap ofri yon kontra lwaye, pa respè pou lwa,
dekrè oubyen règleman ki aplikab sou “chans egal pou tout
moun”, li pa gen dwa fè diskriminasyon kont okenn moun pou
rezon ras, koulè, relijyon, sèks, orijin nasyonal, laj, estati
familyal oubyen paske yon moun gen yon andikap kèlkonk.

15. Chanjman nan Kontwa a oubyen Lwaye a
a. Lokatè a ak pwopriyetè a pa gen dwa fè okenn chanjman
nan dokiman ajoute konsènan lwaye a. Sepandan, si
lokatè a ak pwopriyetè a antann yo pou yo fè nenpòt ki lòt
chanjman nan kontra lwaye a, chanjman sa yo dwe fèt a
lekri, e pwopriyetè a dwe bay PHA yon kopi chanjman sa
yo imedyatman. Kontra-lwaye a –ak nenpòt ki chanjman
ladan n- dwe rete an akò ak egzijans ki nan dokiman
ajoute sou kontra-lwaye a.
b. Nan ka nou pral wè la yo, èd ki baze sou le fèt ke yon
moun se yon lokatè, p ap kontinye eksepte si PHA a
apwouve yon nouvo kontra-lwaye an akò avèk egzijans
pwogram nan epi PHA a siyen yon nouvo kontra avèk
pwopriyetè a:
(1) Si genyen chanjman nan kondisyon lwaye a konsènan
responsablite lokatè a ak pwopriyetè a pou sa ki gen
rapò ak gaz-elektrisite-dlo, oubyen aparèy menaje;
(2) Si genyen chanjman nan kondisyon kontra-lwaye a ki
gen rapò ak dire lwaye a;
(3) Si fanmi an bwote al rete nan yon lòt apatman/kay,
menmsi apatman/kay sa a twouve l nan menm bilding
nan ou sou menm pwopriyete a.
c. Pou pwopriyetè a ak lokatè a fè chanjman nan kontralwaye a, li pa nesesè pou PHA a bay konsantman li pou
kontra-lwaye a valab, ou pou yo renouvle kontra HAP a;
sèl kondisyon ki valab, se sa ki di nan paragraf b a.
d. Pwopriyetè a fèt pou mete PHA a okouran tout chanjman
nan pri lwaye pwopriyetè a ap touche a; fòk PHA a gen
enfòmasyon sa a omwen 60 (swasant) jou anvan okenn
chanjman antre an aplikasyon, e --aprè 2 pati yo fin
antann yo sou chanjman an-- nouvo pri lwaye a pa ta dwe
depase pri rezonab pwopriyetè a dwe mande pou apatman
an/kay la, daprè dènye kalkil PHA te fè an akò avèk
egzijans HUD yo.
16. Nòt/Anons
Tout nòt/anons lokatè a vle voye bay pwopriyetè (ou
pwopriyetè a vle voye bay lokatè a) konsènan kontra-lwaye a,
dwe fèt a lekri.

14. Kontradiksyon avèk lòt Dispozisyon ki nan Kontra-Lwaye
a. Se HUD ki tabli kondisyon ki nan dokiman ajoute sou
kontra lwaye a, an akò ak lwa e règleman federal yo, kòm
yon kondisyon pou lokatè a ak fanmi lokatè a jwenn èd
federal, nan kad pwogram vawchè Seksyon 8 la.
b. Sizoka genyen kontradiksyon ant dispozisyon ki nan
dokiman ajoute HUD egzije a, e nenpòt ki pati nan kontra
lwaye a, oubyen nenpòt ki lòt antant ant pwopriyetè a ak
lokatè a, se egzijans HUD ki nan dokiman ajoute a ki pral
prime.

Fwaye (Household): Se tout moun ki gen dwa viv nan lojman an.
Fwaye a gen ladan n fanmi an ak tout lòt moun PHA a apwouve
pou viv nan lojman an pou ede fanmi an. (Yon asistan konsa dòmileve nan kay la pou l ofri sèvis-dapui ki nesesè pou yon manm
fanmi an ki andikape).

9.

10.

11.

12.

13.

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

17. Definitions
Apatman/kay sou kontra (contra unit): Se yon kote moun abite
e ke yon lokatè lwe avèk asistans li jwenn nan kad pwogram nan.
Fanmi (family): Se tout moun k ap viv nan apatman an/kay la,
gras ak asistans yo jwenn nan kad pwogram nan.
Kontra HAP (HAP Contract): Kontra ki pase ant PHA a ak yon
pwopriyetè sou èd lokatè a pral jwenn pou l peye lojman an. PHA
a peye pwopriyetè a lajan asistans lojman an, an akò avèk kontra
HAP a.

Paj 3 sou 4

Fòm HUD-52641-A-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8

Règleman sou Kalite Bon Lojman (Housing Quality standards
-HQS). Se Règleman HUD tabli sou kalite minimòm yon lojman
dwe genyen pou l antre nan pwogram asistans lojman an, daprè sa
Seksyon 8 la prevwa pou yon lokatè kalifye pou asistans sa a.

pou Chwa Lojman ke Seksyon 8 la prevwa a. Nan kad pwogam sa
a, HUD mete lajan a la dispozisyon yon PHA pou ede fanmi ki
kalifye peye lwaye yo. Lokatè ki siyen kontwa-lwaye a va resevwa
èd daprè sa ki di nan pwogram vawchè a.

HUD: Depatman Lojman ak Devlopman Iben Lèzetazini.
Egzijans HUD : Se egzijans HUD pou Pwogram Seksyon 8 la. Se
katye-jeneral HUD yo ki pibliye egzijans HUD yo. Egzijans sa yo
se: règleman, nòt ki nan Rejis Federal yo, oubyen lòt direktiv sou
pwogram yo ke moun dwe respekte.
Kontra-lwaye (Lease): Akò ekri ant pwopriyetè a ak lokatè a pou
lokatè a lwe apatman an/kay la. Kontra-lwaye a dwe mache ak
dokiman ajoute ke HUD egzije a.
PHA: Ajans Lojman Piblik.
Konplèks/Pwopriyete (Premises): Se bilding kote apatman
an/kay la ye a, san bliye zòn ak teren fanmi an pataje ak lòt lokatè.
Pwogram (Program) : Pwogram Chwa Vawchè pou Lojman an,
ke Seksyon 8 la tabli.

Dokiman sa a se tradiksyon yon dokiman legal HUD
pibliye. HUD mete tradiksyon sa a a la dispozisyon ou
kòm yon senp mwayen konvenab pou ede w konprann
dwa w ak obligasyon w. Vèsyon dokiman sa a ki nan
lang angle, se sèl dokiman ki ofisyèl, legal e ki gen
valè. Dokiman tradui sa a se pa yon dokiman ofisyèl.

Pri Lwaye pa Mwa (Rent to Owner): Se lajan total pwopriyetè a
dwe resevwa chak mwa pou apatman an/kay la. Pri Lwaye pa mwa
a egal sòm lajan lokatè a peye a, plis pèman PHA a bay
pwopriyetè a pou l ede lokatè a.
Seksyon 8 (Section 8): Se Sekyon 8 Lwa Federal Lèzetazini sou
Lojman ki te pase an 1937 (42 United States Code 1437f).
Lokatè (Tenant): Manm fanmi an (youn oubyen plis) ki lwe
apatman an/kay la nan men pwopriyetè a.
Pwogram Vawchè (Voucher Program) : Se pwogram vawchè

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 4 sou 4

Fòm HUD-52641-A-Creole (3/2000)
ref. Handbook 7420.8


File Typeapplication/pdf
File TitleMicrosoft Word - CRE%204_HUD_form_52641-A_FIN[1].doc
Authorlpillas
File Modified2008-02-20
File Created2008-02-20

© 2024 OMB.report | Privacy Policy