HUD 52646-Creole Voucher (Housing Choice Vocher Program

Housing Choice Voucher Program

CRE 5_HUD_form_52646_FIN

Housing Choice Voucher Program

OMB: 2577-0169

Document [pdf]
Download: pdf | pdf
Vawchè
Pwogram Vawchè Pou Chwa Lojman

Depatman Lojman
ak Devlopman Iben Lèzetazini
Biwo Lojman Piblik e Endyen

No. Apwobasyon OMB 2577-0169
(exp. 09/30/2010)

Obligasyon Rapò Piblik pou koleksyon enfòmasyon sa a, daprè kalkil ki fèt, ap monte rive an mwayèn 0,05 èdtan pa repons; ladan n gen tan ki nesesè pou revise enstriksyon
yo, fè rechèch sou sous done ki egziste yo, rasanble e konsève done endispansab yo, epi konplete e revize koleksyon enfòmasyon yo.
Se Seksyon 8 Lwa Federal sou Lojman 1937 la (42 U.S. C. 1437f) ki otorize koleksyon enfòmasyon sa a. Enfòmasyon yo ap sèvi pou otorize yon fanmi chache yon lojman
apwopriye e li presize dimansyon lojman an. Enfòmasyon an bay presizyon tou sou obligasyon fanmi an daprè Pwogram Vawchè pou Chwa Lojman an.
Silvouplè, li tout dokiman an nèt anvan ou ranpli fòm nan.

Nimewo Vawchè

Ranpli tout pati vid yo. Tape oubyen ekri klèman.
1. Ekri dimansyon lojman an daprè kantite chanm yo. (Se kantite chanm fanmi kalifye pou yo a; sa sèvi pou
detèmine ki kantite lajan yo pral peye mèt kay la nan non fanmi an.)

1. Dimansyon lojman an

2. Dat yo Remèt Vawchè a (mwa/jou/an)
Ekri vrè dat yo remèt fanmi an vawchè a.

2. Dat yo Remèt Vawchè a

3. Dat Vawchè a ap Ekspire (mwa/jou/ane)
Ekri dat ki se 60 jou aprè dat yo remèt vawchè a (Tcheke seksyon 6 fòm sa a)

3. Dat ekspirasyon (mwa/jou/ane)

4. Dat Pwolongasyon an Ekspire (si gen pwolongasyon) (mwa/jou/ane)
(Tcheke seksyon 6 fòm sa a)

4. Dat Pwolongasyon Ekspire

5. Non Reprezantan Fanmi an

6. Siyati Reprezantan Fanmi an

Dat Siyati a
(mwa/jou/ane)

9. Siyati Ajan Ofisyèl PHA

Dat Siyati a
(mwa/jou/ane)

7. Non Ajans Lojman Piblik la (PHA)

8. Non ak Tit Ajan Ofisyèl PHA

1. Pwogam Vawchè pou Chwa Lojman
A. Ajans Lojman Piblik la (PHA) detèmine ke fanmi nou site
pi devan an (sijè No. 5) elijib pou l patisipe nan Pwogram
Vawchè pou Chwa Lojman an. Daprè sa pwogram sa a
ofri, fanmi an kapab chwazi yon bon apatman (kay), ki
gen sekirite ak bon kondisyon lijyèn pou l abite. Si
pwopriyetè a deside lwe apatman an ak fanmi an nan kad
Pwogram Chwa Vawchè (Tikè Gratis) pou Lojman an, e si
PHA apwouve apatman an, PHA pral siyen ak pwopriyetè
a yon kontra sou pèman asistans lojman (HAP) pou li peye
pwopriyetè a chak mwa pou ede fanmi an ak lwaye a.
B. Se PHA a k ap detèmine ki kantite lajan l ap bay
pwopriyetè a chak mwa pou pèman asistans lojman an. An
jeneral, lajan PHA a peye chak mwa a se diferans ant
pèman nòmal aplikab la ak 30 % revni mansyèl ajiste
fanmi an. Pou PHA a detèmine valè maksimòm premye
pèman asistans lojman pou fanmi an, li gen pou itilize
prensip pèman ki an sèvis pou jou PHA apwouve lwaye a.
Fanmi an kapab deside lwe yon apatman ki pi chè pase
pèman pwogram nan ofri a; men chwa sa a pa ka chanje
kantite lajan asistans PHA prevwa a. Faktè ki ede
detèmine vrè montan pèman asistans PHA a, se pri an gwo
lwaye apatman fanmi an chwazi a.
2. Vawchè
A. Lè yon fanmi itilize vawchè sa a, PHA a atann ni aske, si
fanmi an jwenn yon apatman ki apwopriye, PHA a pral
jwenn lajan ki nesesè pou l siyen yon kontra HAP ak
pwopriyetè a. Sepandan, PHA a pa gen okenn obligasyon
vizavi fanmi an, vizavi pwopriyetè a, ni pèsonn lòt moun,
pou l apwouve yon kontra lwaye. Pa le fèt ke PHA ofri
vawchè sa a, sa pa ba li okenn responsablite vizavi

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

3.

Paj 1 sou 3

pèseswa.
B. Vawchè sa a pa bay fanmi an okenn dwa pou l patisipe
nan Pwogram Chwa Vawchè pou Lojman PHA a. Fanmi
an tounen yon patisipan nan Pwogram Vawchè pou Chwa
Lojman PHA a, sèlman lè kontra HAP ant PHA a ak
pwopriyetè a antre an aplikasyont.
C. Pandan premye peryòd oubyen nenpòt ki lòt faz pwolonje
vawchè sa a, PHA a gen dwa mande pou fanmi an fè rapò
sou pwogrè nan efò l ap fè pou li jwenn yon apatman lwe;
e li va fè rapò sa yo nan entèval e nan dat PHA a fikse yo.
PHA a Apwouve ou Refize yon Apatman oubyen yon
Kontra-Lwaye
A. Lè fanmi an jwenn yon apatman li renmen e si pwopriyetè
a vle patisipe nan pwogram nan, fanmi an gen pou l mete
devan PHA a demand pou apwobasyon lwaye a (ki sou
aplikasyon PHA bay la), avèk siyati ni pwopriyetè a ni
fanmi an, epi yon kopi kontra lwaye a, san bliye dokiman
ajoute HUD la e ki pale de fèm-kay la. Nòt: PHA a fèt
pou jwenn tou 2 dokiman yo pa pi ta ke dat
ekspirasyon ki enskri nan sijè No. 3 ou 4 nan
kòmansman premye paj vawchè sa a.
B. Fanmi an fèt pou prezante dokiman sa yo fason ke PHA a
mande l la. Daprè jan PHA opere, li kapab entèdi fanmi an
prezante plis ke yon demand a la fwa pou apwobasyon
lwaye.
C. Kontra lwaye a dwe gen ladan n, mo pou mo, tout
dispozisyon ki sou dokiman HUD ajoute pou l pale de
fèm-kay la e ke PHA a bay. Pou yon moun fè sa, li annik
mete dokiman ajoute HUD la ansanm avèk kontra-lwaye
pwopriyetè a itilize a. Si ta genyen yon diferans ant sa ki
di nan dokiman ajoute HUD la ak sa ki di nan kontraFòm HUD-52646-Creole (7/2000)
ref. Handbook 7420.8

lwaye pwopriyetè a, se dispozisyon ki nan dokiman ajoute
HUD la ki pou prime.
D. Lè PHA a fin resevwa demand pou apwobasyon lwaye a
ak yon kopi kontra lwaye a, li va enspekte apatman an.
PHA a kapab pa bay apwobasyon li pou fanmi an lwe
apatman an (kay la) oubyen siyen kontra HAP a, toutotan
PHA a poko detèmine ke fanmi an satisfè tout egzijans
pou pwogram nou pral site la yo: apatman an (ou kay la)
se yon apatman elijib; PHA deja enspekte apatman an e
apatman an satisfè kondisyon ki nesesè pou moun abite
ladan n (HQS); pri lwaye a rezonab; epi pwopriyetè a ak
lokatè a siyen kontra lwaye a ak dokiman ajoute HUD
egzije a.
E. Si PHA a apwouve apatman an, PHA gen pou fè fanmi an
ak pwopriyetè a konn sa, e li va fè pwopriyetè a jwenn 2
kopi kontra HAP a.
1. Pwopriyetè a ak fanmi a dwe siyen kontra afèmaj la.
2. Pwopriyetè a dwe siyen tou lè 2 kopi kontra HAP a e
li dwe remèt PHA a yon kopi siyen kontra lwaye a ak
tou lè 2 kopi kontra HAP ki siyen yo.
3. PHA a gen pou siyen kontra HAP a epi remèt
pwopriyetè a yon kopi siyen.
F. Si PHA a wè gen yon rezon kèlkonk pou apatman an (kay
la) pa jwenn apwobasyon, PHA a va fè pwopriyetè a ak
fanmi an konnen:
1. Apatman oubyen kontra-lwaye konsène a, pran refi
pou kèk rezon byen detèmine, epi
2. Si pwoblèm ki lakòz refi a jwenn yon solisyon ki
satisfè PHA a nan dat oubyen anvan dat PHA a bay
la, apatman an oubyen kontra lwaye a ap apwouve.
4. Obligasyon Fanmi an
A. Lè apatman fanmi an apwouve epi kontra HAP a siyen,
fanmi an dwe swiv règleman ki soulis nou pral bay la a
dekwa pou li kapab kontinye patisipe nan Pwogram
Vawchè pou Chwa Lojman an.
B. Fanmi fèt pou:
1. Bay tout enfòmasyon ke PHA oubyen HUD jije
nesesè –pami yo genyen prèv sitwayènte, oubyen
kondisyon imigrasyon ki fè yon moun elijib, ak
enfòmasyon ki ka sèvi nan yon re-egzamen ki
pwograme regilyèman, oubyen yon re-egzamen
pwovizwa sou lajan fanmi an fè ak kantite moun ki
nan fanmi an.
2. Prezante e verifye nimewo sekirite sosyal, epi siyen e
soumèt fòm ki di fanmi an dakò pou responsab yo
chache enfòmasyon sou li.
3. Bay tout enfòmasyon PHA mande pou l verifye si
fanmi an ap viv nan apatman an oubyen enfòmasyon
sou absans fanmi an nan apatman an.
4. Prese mete PHA a okouran pa ekri de nenpòt lè fanmi
an p ap nan apatman an pou yon peryòd pwolonje,
daprè règleman PHA a.
5. Pèmèt PHA a enspekte apatman nan moman ki
rezonab e aprè yon anons rezonab.
6. Enfòme PHA a ak pwopriyetè a pa ekri anvan fanmi
an bwote kite apatman an oubyen mete fen nan kontra
lwaye a.
7. Sèvi ak apatman yo ede li lwe a. Fòk apatman an se
sèl rezidans fanmi an.
8. Prese mete PHA a okouran pa ekri de nenpòt nesans,
adopsyon, oubyen desizyon tribinal pran pou l bay
Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

fanmi an responsab yon timoun.
Mande PHA a yon konsantman ekri pou fanmi an
ajoute nenpòt lòt manm kòm yon moun k ap vin abite
nan apatman an.
10. Prese mete PHA a okouran pa ekri si yon manm fanmi
an kèlkonk p ap viv nan apatman an ankò.
11. Bay PHA a yon kopi tout avètisman degèpisaj
pwopriyetè a voye bay fanmi an.
12. Peye tout bòdwo (bill) kouran, dlo, gaz, elatriye, epi
mete nan apatman an (e pran swen) tout aparèy
menaje ke pwopriyetè a pa oblije bay, daprè sa k di
nan kontra lwaye a.
C. Tout enfòmasyon fanmi an bay, fòk se laverite e fòk se
enfòmasyon konplè.
D. Fanmi an (ladan n genyen chak manm fanmi an) pa dwe:
1. Posede ni gen pyès enterè nan apatman an
(eksepte si se nan yon kowoperativ, oubyen
pwopriyetè yon kay “manifaktire” kap lwe yon
espas nan yon kay “manifaktire”).
2. Komèt okenn vyolasyon grav kont kontra lwaye
a, oubyen repete yon vyolasyon konsa.
3. Komèt koken, bay kout-lajan anba tab, ni poze
okenn lòt aksyon kowonpi ou kriminèl ki ta gen
rapò ak pwogram sa a.
4. Mele nan aktivite kriminèl ki gen rapò ak dwòg
ni aktivite vyolan, oubyen lòt aktivite kriminèl ki
ta menase sante, sekirite, oubyen dwa lòt lokatè
yo ak moun k ap viv nan vwazinaj la genyen pou
yo jwi nan lapè tout sa rezidans sa yo ofri yo.
5. Soulwe, lwe apatman an, ni pase lwaye a bay yon
lòt moun ni transfere li sou yon lòt non.
6. Resevwa èd Pwogram Vawchè pou Chwa
Lojman an pandan l ap resevwa lòt èd-lajan pou
lojman, kit se pou menm apatman an, kit se pou
yon lòt apatman, nan kad yon lòt pwogram
federal, Eta ou lokal, ki ofri èd pou lojman.
7. Domaje apatman an oubyen lòt bagay ki sou
pwopriyete a (eksepte domaj ki fèt nòmalman
akoz itilizasyon ak vyeyès), ni pèmèt okenn
envite domaje apatman an ak sa k sou pwopriyete
a.
8. Resevwa èd Pwogram Vawchè pou Chwa
Lojman an, alòske fanmi an ap viv nan yon
apatman ki se pwopriyete yon papa/manman, yon
pitit, yon granpapa/grann, yon sè oubyen yon frè
nenpòt ki manm fanmi an, sof si PHA a detèmine
ke apwobasyon lwaye apatman an, malgre lyen
parante sa a, ap ofri yon aranjman rezonab pou
ede yon manm fanmi an ki andikape; PHA a ap fè
pwopriyetè a ak fanmi an konnen baz desizyon sa
a.
9. Mele nan bwè alkòl depase limit, yon fason ki
menase sante, sekirite oubyen dwa lòt lokatè yo
ak moun k ap viv nan vwazinaj la genyen pou yo
jwi nan lapè tout sa rezidans sa yo ofri.
5. Diskriminasyon Ilegal
Si fanmi an gen rezon pou l kwè ke, nan efò l ap fè pou l jwenn
yon lojman konvenab, li sibi diskriminasyon ki baze sou laj,
ras, koulè, relijyon, seks, andikap, orijin nasyonal, oubyen
estati marital, fanmi an gen dwa pote yon plent pou
diskrimasyon nan zafè lojman nan nenpòt ki biwo rejyonal

Paj 2 sou 3

9.

Fòm HUD-52646-Creole (7/2000)
ref. Handbook 7420.8

HUD; li ka fè sa an pèsonn, pa lèt oubyen pa telefòn. PHA a
va bay fanmi an enfòmasyon sou jan li ka ranpli fòm pou l pote
plent.
6.

Ekspirasyon ak Pwolongasyon Vawchè
Vawchè a ap ekspire nan da ki enskri nan sijè No. 3 nan
tèt paj 1 vawchè sa a, amwens ke fanmi an mande yon
pwolongasyon pa ekri e PHA di li dakò pa ekri tou pou l
pwolonje vawchè a. Nan ka sa a, vawchè a pral fini nan
dat ki enskri nan sijè No. 4 la. Si PHA a deside satisfè
demand fanmi an, li genyen tout otorite pou l bay yon
pwolongasyon pou menm tan ki te sou premye kontra a
oubyen pou pi lontan toujou.

Dokiman sa a se tradiksyon yon dokiman legal HUD pibliye. HUD mete tradiksyon sa a a la dispozisyon ou kòm yon senp mwayen konvenab pou ede w konprann dwa w
ak obligasyon w. Vèsyon dokiman sa a ki nan lang angle, se sèl dokiman ki ofisyèl, legal e ki gen valè. Dokiman tradui sa a se pa yon dokiman ofisyèl.

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 3 sou 3

Fòm HUD-52646-Creole (7/2000)
ref. Handbook 7420.8


File Typeapplication/pdf
File TitleMicrosoft Word - CRE%205_HUD_form_52646_FIN[1].doc
Authorlpillas
File Modified2008-02-21
File Created2008-02-21

© 2024 OMB.report | Privacy Policy