HUD 52649-Creole Statement of Homeowner Obligations (Housing Choice Homeo

Housing Choice Voucher Program

CRE 6_HUD_form_52649_FIN

Housing Choice Voucher Program

OMB: 2577-0169

Document [pdf]
Download: pdf | pdf
Deklarasyon sou Obligasyon Pwopriyetè
Dwadpwopriyete sou Chwa Lojman
Pwogram Vawchè

Depatman Lojman ak
Devlopman Iben Lèzetazini
Biwo Lojman Piblik e Endyen

No. Apwobasyon OMB 2577-0169
Eksp. 09/30/2010

Obligasyon Rapò Piblik pou koleksyon enfòmasyon sa a, daprè kalkil ki fèt, ap monte rive an mwayèn 0,05 èdtan pa repons;
ladan n gen tan ki nesesè pou revize enstriksyon yo, fè rechèch sou sous done ki egziste yo, kolekte e konsève done obligatwa
yo, epi konplete e revize koleksyon enfòmasyon yo.
Se Seksyon 8 (y) Lwa Federal sou Lojman ki otorize koleksyon enfòmasyon sa a. Enfòsasyon yo presize obligasyon fanmi an
genyen lè l ap patisipe nan yon pwogram sou dwadpwopriyete, daprè Pwogram Vawchè sou Chwa Lojman an.
1. Obligasyon Pwopriyetè Kay. Yon fanmi k ap patisipe nan
pwogram Vawchè pou dwadpwopriyete a, ke Ajans Lojman
Publik la mete sou pye, fèt pou swiv règleman nou pral site la yo
dekwa pou fanmi sa a kapab resevwa èd mèt pwopriyete a.
Nenpòt enfòmasyon fanmi an bay, fòk se laverite e fòk li konplè.
Chak manm fanmi an (plis nenpòt moun PHA apwouve pou viv
nan kay la pou ede manm fanmi an respekte règleman ki gen
rapò ak aktivite kriminèl oubyen pwoblèm alkòl) fèt pou:
A. Deklare e verifye nimewo sekirite sosyal li ak nimewo
identifikasyon n nan travay li, siyen e prezante fòm ki di fanmi
an dakò pou responsab yo chache enfòmasyon sou li (san bliye
dosye ki ta montre lajistis te jwenn granmoun ki nan apatman an
koupab pou aktivite kriminèl) e bay tout lòt enfòmasyon PHA a
ou HUD jije nesesè (pami yo, genyen prèv sitwayènte, oubyen
estati imigran ki montre elijibilite pou pwogram nan, enfòmasyon
ki ka sèvi pou montre si yon moun elijib pou l resevwa èd pou l
vin pwopriyetè, ak enfòmasyon ki ka sèvi nan yon re-egzamen
ki pwograme regilyèman, oubyen yon re-egzamen pwovizwa
sou lajan fanmi an fè ak kantite moun ki nan fanmi an.)
B. Prezante nenpòt rapò PHA a mande sou pwogrè efò fanmi
an ap deplwaye pou l jwenn e achte yon kay.
C. Patisipe nan tout pwogram kote yo bay konsèy sou
dwadpwopriyete e sou lojman, epi konplete pwogram sa a avèk
siksè, lè PHA mande sa.
D. Chwazi e peye yon enspektè pwofesyonèl endepandan pou
l fè yon enspeksyon anvan acha a. Enspeksyon an fèt pou
dewoule daprè kondisyon PHA fikse yo.
E. Siyen yon kontra de vant ak vandè apatman an e prese bay
PHA a yon kopi kontra de vant la. Sa k di nan kontra de vant la
dwe respekte kondisyon PHA yo.
F. Chache jwenn e konsève asirans kont inondasyon pou kay
ki nan zòn espesyal ke dlo menase.
G. Respekte kondisyon tout dèt ipotèk ki te sèvi pou bay lajan
ki nesesè pou achte kay la (oubyen tout refinansman dèt sa a).
H. Prese enfòme PHA a pa ekri lè (1) fanmi an pa nan kay la
pou yon peryòd pwolonje, daprè règleman PHA yo, e (2) anvan
fanmi an bwote kite kay la. Bay tout enfòmasyon ou atestasyon
PHA a mande, pou verifye ke fanmi an ap viv nan kay la,
oubyen enfòmasyon ki gen rapò ak absans fanmi an nan kay la.
I. Se sèlman manm fanmi an ke PHA a apwouve, asistan k
ap dòmi-leve nan kay la ak timoun fanmi an parene, ki gen dwa
sèvi ak lojman pwogram sa a ofri. Pyès lòt moun pa gen dwa
rete nan kay la. Fòk kay la se sèl rezidans fanmi an genyen e
okenn manm fanmi an pa gen dwa posede enterè nan okenn lòt
pwopriyete rezidansyèl ou abitab. Pou yon aktivite kòmèsyal
legal fèt nan kay la, fòk se yon aktivite sou kote, fòk li sèvi tou
Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 1 sou 2

dabò pou pèmèt fanmi an itilize kay la kòm rezidans. Fanmi an
pa gen okenn dwa lwe yon pati nan kay la ni teren ki atache ak
kay la.
J. Prese mete PHA a okouran pa ekri tout nesans, adopsyon
oubyen desizyon tribinal pran pou bay fanmi an responsab yon
timoun, epi mande PHA a konsantman ekri li anvan pou w
ajoute nenpòt lòt moun kòm manm fwaye a. Prese enfòme PHA
tou pa ekri si yon manm fanmi an p ap viv nan kay la ankò.
K. Jan PHA ak HUD mande sa a, bay tout enfòmasyon sou:
(1) tout ipotèk (lajan bank prete pou atchte kay) oubyen tout lòt
dèt ki fèt pou acha kay la, tout refinansman dèt sa a (san bliye
enfòmasyon k ap pèmèt moun wè fanmi an pa t ka peye dèt la e
konbyen kòb li dwe toujou), ak enfòmasyon ki montre dèt la fin
peye oubyen pèman kontinye fèt sou li; (2) tout vant enterè sou
kay la oubyen transfè enterè sa yo; oubyen (3) depans fanmi an
fè akoz dwa propriyete a.
L. Prese mete PHA a okouran pa ekri si fanmi an pa peye
atan yon vèsman sou lajan bank te prete l pou l te ka achte kay
la.
M. Pa komèt koken, bay kout-lajan anba tab, ni fè okenn zak
koripsyon ou kriminèl nan kad okenn pwogram lojman federal.
Pa mele nan akvitite kriminèl ki gen rapò ak dwòg, ni aktivite
kriminèl vyolan. Pa mele nan okenn lòt aktivite kriminèl ki
menase sante, sekirite ni dwa lòt rezidan ak lòt moun ki abite
nan vwazinaj la genyen pou yo byen viv nan lapè. Pa bwè alkòl
yon fason depase ki ta menase sante, sekirite ak dwa lòt
rezidan e lòt moun ki abite nan vwazinaj la genyen pou yo byen
viv nan lapè. Pa mele nan konpòtman abizif ou vyolan kont
manm staff PHA a, ni pa menase pou fè sa non plis. Pa mele
nan lòt aktivite kriminèl ki ta kapab menase sante oubyen
sekirite anplwaye biwo kontra PHA oubyen moun k ap fè lòt
travay (pami yo genyen staff PHA a, moun ki gen kontra oubyen
yon sou-kontra ak PHA, epi ajan PHA).
N. Pa lwe, sou-lwe, ni transfere kay la, sòf si se pou fè lajan
ipotèk kay la, poutèt dèt ki te fèt pou achte kay la oubyen pou
peye refinansman dèt sa a.
O. Pa resevwa okenn asistans nan pwogram èd pou posede
kay la pandan fanmi an ap resevwa yon lòt asistans pou menm
kay la, oubyen yon lòt rezidans nan kad yon lòt pwogram
asistans pou lojman menm jan, kit li se yon pwogram Federal,
kit se yon pwogram Eta oubyen lokal.
P. Respekte tout lòt règleman PHA sou yon fanmi k ap chache
ou achte yon kay, ou sou mwayen pou fammi an kontinye
resevwa asistans pou l posede yon kay. PHA dwe remèt ak
dokiman sa a yon lis ki gen regleman sa yo sou li.
2. Kijan Asistans la Pran Fen. Fanmi an kapab resevwa
asistans pou posede kay la si l ap viv nan kay la sèlman. PHA
Fòm HUD-52649-Creole (05/13/2003)
ref. Handbook 7420.8

gen dwa rejte yon demand pou asistans oubyen mete fen nan
yon asistans ki deja egziste, pou rezon nou pral bay la yo:
A.

F.

Lalwa jwenn yon moun kap viv nan kay la koupab deske li
te fabrike oubyen pwodui yon dwog ki rele
methamphetamine nan yon kay ki fè pati pwogram asistans
federal pou lojman an.
G. San rezon valab, fanmi an pa rive respekte obligasyon li
genyen pou l patisipe avèk siksè nan yon pwogram kote li
siyen yon kontra pou l vin responsab pwòp tèt li.
H. Fanmi an fè eksprè li pa respekte obligasyon li genyen pou
l sòti nan asistans sosyal e kòmanse travay, malgre tan li te
gen pou l fè sa.
I.
Yo pran kay la nan men fanmi an, aprè yon jijman legal
kote lajistis mande pou kay la vann pou peye dèt fanmi an
te fè pou l te ka achte kay la (ou pou peye nenpòt
refinansman dèt sa a).
J. PHA a detèmine fanmi an fin resevwa asistans pou l vin
pwopriyetè kay la pandan tan maksimòm ke pwogram
vawchè pou dwadpwopriyete a pèmèt la, oubyen 180 jou
deja pase depi PHA a fin fè dènye pèman an nan non fanmi
an nan kad asistans pou dwadpwopriyete a.
K. PHA a detèmine pa gen ase fon-lajan pou li kontinye ofri
asistans pou lokatè a vin gen dwadpwopriyete a.

Fanmi an ap vyole ou deja vyole yon obligasyon li genyen
kòm fanmi daprè seksyon 1 an.
B. Yo te mete yon manm fanmi an deyò nan yon pwogram
asistans federal pou lojman nan 5 dènye ane yo; oubyen yo
te mete yon moun k ap viv nan kay la deyò nan yon
pwogram asistans federal pou lojman, paske moun sa a te
mele nan aktivite dwòg ilegal nan 3 dènye ane yo.
C. Yon ajan PHA te mete fen nan asistans yon manm fanmi
an t ap resevwa nan kad pwogram sètifika ou vawchè a.
D. Fanmi an gen dèt lajan aktyèlman pou PHA oubyen yon lòt
PHA, daprè sa k di nan Seksyon 8 la, ou daprè règleman
sou asistans pou lojman piblik la. Fanmi an pa ranbouse
okenn PHA a pou lajan li te peye yon pwopriyetè daprè
règleman sou pèman lwaye ki nan kontra sou asistans pou
lojman an, pou dega fanmi an fè nan kay la, oubyen lòt
lajan fanmi an dwe. Fanmi an vyole yon akò li te siyen ak
PHA a pou l peye lajan li dwe yon PHA, oubyen lajan PHA
a peye pwopriyetè a.
E. Yon moun kap viv nan kay la gen obligasyon pou li enskri
pandan tout vi li nan pwogram enskripsyon Moun ki Komèt
Atak Seksyèl nan Eta a.
Konsève dokiman sa a pou dosye pèsonèl ou
Fanmi
Non chèf fwaye a

Adrès, Nimewo Telefòn:

Non lòt manm fanmi an

Siyati Reprezantan Fanmi an:

Dat: (jou/mwa/ane)

Ajans Lojman Piblik
Non PHA a

Adrès, Nimewo Telefòn:

Tit Reprezantan PHA
Siyati Reprezantan PHA

Dat: (jou/mwa/ane)

Dokiman sa a se tradiksyon yon dokiman legal HUD pibliye. HUD mete tradiksyon sa a a la dispozisyon ou kòm yon senp
mwayen konvenab pou ede w konprann dwa w ak obligasyon w. Vèsyon dokiman sa a ki nan lang angle, se sèl dokiman ki
ofisyèl, legal e ki gen valè. Dokiman tradui sa a se pa yon dokiman ofisyèl.

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 2 sou 2

Fòm HUD-52649-Creole (05/13/2003)
ref. Handbook 7420.8


File Typeapplication/pdf
File TitleMicrosoft Word - CRE%206_HUD_%20form_%2052649_FIN[1].doc
Authorlpillas
File Modified2008-02-21
File Created2008-02-21

© 2024 OMB.report | Privacy Policy