The American Community Survey

The American Community Survey

Attachment M_ACSQandA_HAI10[1]

The American Community Survey

OMB: 0607-0810

Document [pdf]
Download: pdf | pdf
Enfòmasyon (kesyon ak repons)

u
o
p
j
a
d
Son inote
o
y
m
o
i
n
K
i
z
a
t
e
z
O

USCENSUSBUREAU

Depatman di komès peyi Etazini

H e l p i n g Yo u M a k e I n f o r m e d D e c i s i o n s

BIWO RESANSMAN NAN ETAZINI

Administrasyon syans ekonomik ak done estatistik

SONDAJ POU KOMINOTE OZETAZINI YO	

Kisa sondaj pou kominote
ozetazini yo an ye ?
Sondaj pou kominote ozetazini yo
an se yon sondaj biwo resansman
ameriken an ap fè nan tout peyi a, epi
menm nan zòn kote endyen ameriken
epi natif natal Alaska rete e, lèfini, sou
teritwa Awayi.
Sondaj sou kominote ameriken an
ap, chak lane, bay enfòmasyon kritik
sou sitiyasyon ekonomik, sosyal,
demografik ak lojman nan tout
kominote peyi a. Tout kominote peyi a
di sondaj pou kominote ozetazini yo an
ede yo pran bon dezisyon byen enfòme
e sondaj la fondamantal pou lavni
kominote a.

www.census.gov/acs/www

Èske sondaj pou kominote
ozetazini yo an ap nan resansman
lane 2010 lan ?
Wi. Resansman lane 2010 lan ap
konsantre pou n konnen konbyen
moun ki genyen nan peyi a. Se chak
lane sondaj pou kominote ozetazini yo
an ofri kominote yo menm enfòmasyon
detaye sa a ki, anvan, te disponib sèl
lè biwo resansman ameriken an te fè
yon resansman sou popilasyon chak
10 zan.
M pa janm tande pale de sondaj
pou kominote ozetazini yo an.
Èske w ka di m depi ki lè y ap fè
li ?
Sondaj pou kominote ozetazini yo an
kòmanse nan lane 1996 nan kèk konte
peyi a. Jodi a sondaj la fèt nan tout
konte peyi Etazini epi nan Puerto Rico,
men la se sondaj pou kominote Puerto
Rico ke yo rele l.

	

1	

www.census.gov/acs/www	

Kijan y ap itilize repons mwen
bay nan sondaj pou kominote
ozetazini yo an ?
Kesyon ki nan sondaj pou kominote
ozetazini yo an obligatwa pou n
ranmase enfòmasyon nesesè pou
n dirije oswa evalye pwogram
gouvènmantal. Kesyon ki nan sondaj
sa a se menm ak enpe nan kesyon ki
nan resansman chak 10 zan an.
•	 Enfòmasyon sou revni ede n fè
konparezon nivo ekonomik ant
plizyè zòn. Gen anpil pwogram
federal ak pwogram leta ki sèvi
ak enfòmasyon sa a pou yo distribye
lajan k ap ede devlòpman kominote
a.
• 	Repons ou bay kesyon transpò
pou ale epi soti nan travay ap ede
depatman transpò ameriken an
tabli devlopman wout, devlopman
sèvis transpò piblik ak pwogram k
ap ede redui anbouteyaj.
• 	Enfòmasyon sou laj ap sèvi nan
pwogram federal pou pwoblèm
peman ak sèvis pou timoun, moun
ki nan laj pou yo travay epi pou
granmoun.

2	

SONDAJ POU KOMINOTE OZETAZINI YO

•	 Repons pou kesyon sou revni ak
lojman ap ofri yon enfòmasyon
jeneral pou depatman Kay ak
devlopman vil Ameriken yo an
evalye kisa granmoun, moun ki gen
andikap ak pwopriyetè kay ki pòv
bezwen lakay yo.
•	 Enfòmasyon sou ras, ansèt panyòl
ak lang manman ap sèvi pou n
detèminen tout sa ki nesesè pou n
gen yon eleksyon bileng dapre lwa
sou dwa moun nan eleksyon epi pou
n kontwole opòtinite egal ego nan
anplwa travay dapre lwa sou dwa
sivil la. Ras ak ansèt panyòl (oubyen
etnik panyòl) pa menm kidonk fòk n
gen diferan kesyon pou yo toulede.
•	 Enfòmasyon sou sèvis militè ap sèvi
pou depatman ki okipe zafè ansyen
konbatan ameriken mezire sa
ansyen konbatan yo bezwen epi pou
evalye pwogam ansyen konbatan yo
sou zafè edikasyon, travay ak swen
medikal.

SONDAJ POU KOMINOTE OZETAZINI YO	

www.census.gov/acs/www

Ki benefis l ap ye pou mwen si m
patisipe nan sondaj pou kominote
ozetazini yo an ?

•	 Gouvènman lokal pou yo fè bidjè,
evalye pwogram epi fè plan sou
pwojè devlopman kominote a.

Touletwa ajans federal, ajans leta ak
kominote yo di yo pa gen tout dènye
enfòmasyon nesesè pou yo pi byen
konprann pwoblèm ki genyen nan
kominote yo, pou yo ofri sèvis nesesè
epi pou yo ofri pwogram ak resous. Ma
p ba w egzanp sa yon chèf kominote
di : « Li toujou enteresan pou n jwe
devinèt men se pa toujou l ap fè bagay
yo mache ».

• 	Pwogram kominote (sètadi pwogram
pou granmoun, pwogram eskout,
bibliyotèk, bank, lopital ak lòt
òganizasyon nan kominote a) pou
yo ofri sèvis nan kominote a epi pou
jwenn bildin, sèvis ak pwogram.

Repons ou bay nan kesyon sondaj
pou kominote ozetazini yo an ap ede
kominote kote w rete a tabli objektif,
idantifye pwoblèm epi jwenn solisyon
pou pwoblèm kominote a, jwenn
ekipman ak pwogram, epi mezire
pèfòmans tout pwogram yo.
Moun k ap itilize enfòmasyon ki
dekouvri nan sondaj pou kominote
ozetazini yo an se :

	

•	 Moun ki tabli transpò, sèvi ak
enfòmasyon transpò moun itilize
pou yo ale epi soti nan travay pou
òganizasyon sikilasyon lè anpil
moun ki ale epi ki soti nan travay
epi pou devlopman estrateji, sètadi
pwogram woulib ak orè travay
ki chanje. Yo pran dezisyon pou
konstwi nouvo wout oubyen elaji
wout ki la deja, epi pou devlope
sistèm transpò tankou tren lokal ak
sòbwe apatide sa moun ap bezwen
nan lavni.

3	

www.census.gov/acs/www	

SONDAJ POU KOMINOTE OZETAZINI YO

Èske m oblije reponn kesyon
ki nan sondaj pou kominote
ozetazini yo an ?

Èske m oblije reponn kesyon
sondaj la menmsi m nan kay la
pou yon bout tan ?

Wi. Gen yon lwa ki di w oblije reponn
sondaj la (Tit 13, kòd ameriken,
seksyon 141, 193 ak 221). Menm
lwa sa a di enfòmasyon ou bay ap l
rete sekrè.

Wi. Fòk ou reponn tout kesyon sondaj
la si w rete nan adrès kay sa pandan
omwen 2 mwa. Fòk ou reponn yon
pati nan sondaj la si w pa p rete nan
adrès kay la pou 2 mwa kifè se pou w
li enstriksyon yo pou w konnen ki pati
pou w reponn. Yon reprezantan biwo
resansman an ka ede w. Enfòmasyon
sa a ede kominote yo, plizyè fwa nan
ane a, fè plan nesesè kwak popilasyon
an ap chanje.

Èske se chak ane m ap gen pou m
reponn kesyon sa yo ?
Non. Se sèlman kèk adrès kay ki
chwazi pou yo patisipe nan sondaj pou
kominote ozetazini yo an. Se chak 5
an yon adrès kay ka chwazi ankò pou
l patisipe nan sondaj la. Adrès sa yo
chwazi o aza e yo reprezante tout lòt
adrès ki nan menm zòn lan. Se pou
sa li enpòtan pou tout adrès kay ki
chwazi patisipe nan sondaj la.

4	

Èske repons mwen bay nan sondaj
la ap rete sekrè ?
Wi. Tit 13, kòd ameriken, seksyon 9 di
repons ou yo ap rete sekrè. Lwa sa a
byen di biwo resansman an ka sèvi ak
enfòmasyon moun founi pou kesyon
estatistik e yo pa ka ni pibliye ni pataje
okenn enfòmasyon ki ta pèmèt yo
idantifye moun ki patispe nan sondaj la.

SONDAJ POU KOMINOTE OZETAZINI YO	

Kijan m ka wè rezilta sondaj la ?
Enfòmasyon sa a ap pibliye nan sit
entènèt biwo resansman American
Factfinder® a nan
http://factfinder.census.gov.
W ap jwenn rezilta yo sou plizyè fòm
pou tout moun ka konprann li, sètadi
moun k ap wè rezilta yo pou premye
fwa (moun ki sèlman vle wè rezilta yo)
jis nan moun ki gen gwo eksperyans
nan rechèch.
American FactFinder® ofri chema
k ap :
•	 ofri yon prezantasyon rapid epi
jeneral sou rezilta yo,
•	 fè konparezon ant rezilta plizyè
kote, epi

www.census.gov/acs/www

Èske lapolis ak lòt ajans federal
ka wè repons mwen bay nan
sondaj la ?
Non. Biwo resansman an ap kenbe
enfòmasyon w sekrè. Ni lapolis ni
okenn tribinal ka wè li. Pa gen moun
ki ka wè oubyen sèvi ak repons ou yo
pou egzekisyon yon lwa.
Si nenpòt anpwlaye biwo resansman
an dezobeyi lwa sa yo, moun sa a
ap gen yon gwo penalite kriminèl ke
kongrè enpoze – moun lan ka pran
prizon pandan 5 an epi/oubyen ka
peye yon amann ki ka monte jis nan
$250 000 (Tit 13, kòd ameriken,
seksyon 214, jan li modifye dapre tit
18, kòd ameriken, seksyon 3559 ak
3571).

•	 ofri rezilta ki gen plis detay pou
moun ki fè rechèch pi detaye.

	

5	

www.census.gov/acs/www	

SONDAJ POU KOMINOTE OZETAZINI YO

Mwen se granmoun, moun ki
andikape oswa mwen gen lòt
pwoblèm ki anpeche m reponn
kesyonè sondaj pou kominote
ozetazini yo an. Kisa m ka fè ?
Ou ka chwazi yon lòt moun pou moun
sa ede w, oubyen yon reprezantan
biwo resansman an ka swa rele
w oswa vini lakay ou pou l ede w
reponnn sondaj la. Moun ki chwazi
pou patisipe nan sondaj la ka rele
1-800-354-7271 pou jwenn moun ede
yo.

Ki kote m ap jwenn plis
enfòmasyon sou sondaj pou
kominote ozetazini yo an ?
Gen plizyè fason pou w jwenn
enfòmasyon sou sondaj pou kominote
ozetazini yo an :
Pou plis enfòmasyon detaye, nou
mande w ale nan sit entènèt nou an
nan : 
oubyen rele biwo resansman rejyonal
kote w rete a jan w wè l make la :

Pou n pwodui rezilta ki korèk, li
enpòtan anpil pou tout adrès kay ki
chwazi patisipe nan sondaj la.

Biwo resansman rejyonal

6	

Atlanta, GA
1-800-424-6974

Detroit, MI	
1-800-432-1495

Boston, MA	
1-800-562-5721

Kansas City, KS	
1-800-728-4748

Charlotte, NC	
1-800-331-7360

Los Angeles, CA	
1-800-992-3530

Chicago, IL	
1-800-865-6384

New York, NY	
1-800-991-2520

Dallas, TX	
1-800-835-9752

Philadelphia, PA	
1-866-238-1374

Denver, CO	
1-800-852-6159

Seattle, WA	
1-800-233-3308

SONDAJ POU KOMINOTE OZETAZINI YO	

Tanpri rele nimewo sèvis kliyantèl
nou an si w gen kesyon sou rezilta
sondaj pou kominote ozetazini yo
an oubyen si ou ta renmen konnen
kijan w ka wè rezilta sondaj la :
301-763-INFO (4636)

	

www.census.gov/acs/www

Si w vle ou ka voye yon lèt bay :
http://ask.census.gov
oubyen
nan lapòs bay :
American Community Survey
U.S. Census Bureau
4600 Silver Hill Rd.
Washington, DC
20233-7500

7	

SONDAJ POU
KOMINOTE
OZETAZINI YO
BIWO RESANSMAN
NAN ETAZINI

Imel : http://ask.census.gov

Telefòn : 1-888-346-9682

Entènèt :
www.census.gov/acs/www

ADDC/07-ACSQA(02-2010) (Haitian Creole)
Issued February 2010


File Typeapplication/pdf
File TitleAmerican Community Survey Questions and Answers (Haitian Creole)
SubjectAmerican Community Survey, Questions and Answers, Haitian Creole, Enfomasyon kesyon ak respons, Sondaj pou Kominote Ozetazini yo
AuthorBureau of the Census
File Modified2011-01-05
File Created2010-03-23

© 2024 OMB.report | Privacy Policy