HUD 52650-Creole Family Self Sufficiency (FSS) Program Contract of Partic

Family Self-Sufficiency Program (FSS)

CRE 7_HUD_form_52650_FIN

Family Self-Sufficiency Program (FSS)

OMB: 2577-0178

Document [pdf]
Download: pdf | pdf
Oto-Sifizans Familyal (FSS)
Kontra Patisipasyon nan
Pwogram nan

No. Apwobasyon OMB 2577-0178
(eksp. 07/31/2010)

Depatman Lojman ak Devlopman
Iben Lèzetazini
Biwo Lojman Piblik ak Endyen

Vawchè pou Chwa Lojman
Pwogram Lojman Piblik ak Endyen

Kontra patisipasyon sa a pou Pwogram Oto-Sifizans Familyal la pase ant
, Ajans Lojman (HA), avèk
, chèf fanmi FSS.
envestisman ke HUD apwouve.
“Fanmi FSS” la genyen ladan n tout moun ki nan kay la e kontra
sa a itilize mo “fanmi” pou l pale de “fanmi FSS” la.
Tip Pwogram FSS.
Fanmi a patisipe nan : (make yon sèl pwogram)
Pwogram FSS pou Vawchè pou Chwa Lojman
Pwogram FSS pou Lojman Piblik
Pwogram FSS pou Lojman Endyen
Objektif Kontra a
Objektif kontra sa a se deklare dwa ak reponsablite fanmi an ak
HA a, resous ak sèvis dapui fanmi an dwe resevwa, ak aktivite
fanmi an dwe mennen.
Dire Kontra a
Kontra sa a ap antre an aplikasyon nan dat __________________.
Kontra sa a pral pran fen nan dat __________________________.
HA a gen dwa pwolonje kontra a pou jiska 2 zan si fanmi an fè
HA a yon demand ekri pou yon pwolongasyon e si HA a twouve
genyen bon jan rezon ki jistifye pwolongasyon an.
Resous ak Sèvis Dapui
Pandan dire kontra a, HA a pral eseye fè fanmi an jwenn resous ak
sèvis ki sou lis ki nan plan fòmasyon pèsonèl ak sèvis la. Si resous
ak sèvis yo pa disponib, HA a va eseye fè fanmi an jwenn lòt
resous ak sèvis. Sepandan, HA a pa gen okenn obligasyon vizavi
fanmi an si fanmi an pa jwenn resous ak sèvis.
Kont Kondisyonèl FSS
HA a va ouvè yon “kont kondisyonèl” pou fanmi an. Yon pati nan
ogmantasyon lajan lwaye a (akoz ogmantasyon lajan fanmi an ap
fè), va ale nan kont kondisyonèl la, daprè règleman HUD.
Pi ba, nou pral fè yon lis ki gen ladan n salè anyèl fanmi an, lajan
fanmi an touche pou dyòb li fè, avèk lajan lwaye a lè fanmi an te
kòmanse Pwogram FSS la. Kantite lajan sa yo va sèvi pou
detèmine lajan ki prale nan kont kondisyonèl FSS fanmi an akoz
ogmantasyon ki va fèt nan lavni nan lajan fanmi an ap touche.
Lajan fanmi an fè pa ane

$ _____________

Lajan fanmi an touche

$ _____________

Lajan lwaye fanmi an (Lajan total lokatè yo peye
oubyen, nan ka pwogram HCV a, 30% revni
mansyèl ajiste la)

$ _____________

HA a va bay fanmi an yon rapò sou lajan ki nan kont kondisyonèl
fanmi an omwen yon fwa pa ane.
Si fanmi an ap patisipe nan pwogram HCV a epi li bwote al rete
andeyò jiridiksyon HA a daprè règleman HCV sou transfè dosye
lokatè a, HA a gen dwa transfere rès lajan ki nan kont kondisyonèl
fanmi a bay yon lòt HA.
Retrè Lajan ki nan Kont Kondisyonèl FSS la
HA a gen dwa bay fanmi an pèmisyon pou l retire lajan ki nan
kont kondisyonèl FSS la anvan kontra a fini, si fanmi an reyalize
kèk objektif pwovizwa done --objektif ke HA te fikse-- epi si
fanmi an bezwen moso nan lajan ki nan kont kondisyonèl FSS la
pou l kapab fini kontra a (pa egzanp, pou l peye pou lekòl).
HA a va remèt chèf fanmi an lajan ki nan kont kondisyonèl FSS
fanmi an, mwens tout kòb fanmi an ta dwe HA a, lè:
(1) HA detèmine fanmi an fini kontra a, epi
(2) Nan moman kontra a fini an, chèf fanmi an bay HA a yon
sètifika ekri ki di okenn manm fanmi an p ap resevwa asistans
sosyal (Wèlfè). Pou Pwogram FSS la, wèlfè vle di èd lajan
moun resevwa nan pwogram Federal ou pwogram eta, e sa
gen ladan n sèlman lajan ki sèvi pou ede fanmi an satisfè
bezwen premye nesesite l yo.
Si chèf fanmi an kite kay k ap resevwa wèlfè a, rès fanmi an kapab
deziye yon lòt manm fanmi an pou resevwa lajan ki nan kont
kondisyonèl FSS la, men se aprè rès fanmi an va fin pran kontak
ak HA a.
Pèt Kont Kondisyonèl lan
Fanmi an p ap resevwa lajan li genyen nan kont kondisyonèl FSS
la, lè:
(1) Kontra Patisipasyon an revoke,
(2) Kontra Patisipasyon an deklare nil; oubyen
(3) fanmi an pa respekte responsablite li yo pandan tout dire ki
ekri nan kontra sa a.
Responsablite Fanmi an
Chèf fanmi an gen pou devwa:
o

Chache jwenn e kenbe yon travay apwopriye lè l fini ak
pwogram fòmasyon pou travay ki nan plan fòmasyon
pwofesyonèl ak sèvis la. Lè HA a fin pran kontak ak chèf fanmi
an, li va detèmine ki travay ki apwopriye daprè talan, nivo lekòl
ak fòmasyon pwofesyonèl moun sa a, ak kalite travay mache a
ofri nan rejyon an.

HA a va envesti lajan ki nan kont kondisyonèl FSS la nan

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 1 sou 3

Fòm HUD-52650-Creole (12/2004)
ref. Handbook 7420.8

Chèf fanmi an ak manm fanmi an ki, an akò ak HA a, deside
patisipe nan yon plan fòmasyon pwofesyonèl ak sèvis, gen pou
Yo
obligasyon:
o
Fin konplete aktivite yo nan dat ki sou lis ki nan plan
fòmasyon pwofesyonèl ak sèvis la.
o
Bay HA a ak HUD enfòmasyon sou patisipasyon fanmi an
nan pwogram FSS la dekwa pou yo ede HA a ak HUD
evalye pwogram FSS la. Sa kapab gen ladan n enfòmasyon
sou travay, sou entèvyou pou travay, fòmasyon, lekòl moun
nan frekante, ak lòt sèvis ak aktivite FSS ofri.
Tout manm fanmi an gen pou devwa:
o
o

o

Respekte kondisyon ki nan kontra-lwaye a.
Si yo nan wèlfè, yo dwe sòti nan pwogram wèlfè a e rete
andeyò tout pwogam wèlfè pandan 12 mwa pou pi piti anvan
kontra a pran fen.
Si fanmi an ap patisipe nan pwogram HCV a, li dwe respekte
obligasyon fanmi an genyen nan kad pwogram HCV a, epi
rete nan jiridiksyon HA ki te fè fanmi an antre nan pwogram
FSS la pandan 12 mwa pou pi piti aprè kontra a te antre an
aplikasyon, sof si premye PHA a apwouve yon demand
fanmi an fè pou l bwote kite jiridiksyon an daprè règleman
sou transfè dosye lokatè a.

Pinisyon nan ka yon Fanmi pa Respekte Responsablite li
Si yon manm kèlkonk nan fanmi an pa respekte responsablite
kontra sa a ba li, fanmi an p ap resevwa lajan li genyen nan kont
kondisyonèl FSS la, e HA a gen dwa:
(1) sispann bay fanmi an sèvis pou ede li,
(2) mete fen nan patisipasyon fanmi an nan pwogram FSS la, epi
(3) mete fen nan asistans fanmi an ap resevwa pou l patisipe nan
pwogram HCV a –-si fanmi an ap patisipe nan pwogram saa- men HA a ka fè sa sèlman lè règleman HUD yo pèmèt li
fè sa
Responsablite HA a
o
Eseye jwenn nan men sektè piblik la ak sektè prive a sous asistans
o
o

o
o

pou ede fanmi an.
Ouvè yon kont kondisyonèl FSS pou fanmi an, envesti lajan ki nan
kont kondisyonèl la, e bay fanmi an yon rapò sou valè lajan ki nan
kont kondisyonèl FSS la o-mwen yon fwa chak ane.
Si posib, detèmine ki objektif pwovizwa fanmi an fèt pou reyalize
anvan pou li resevwa yon pati kèlkonk nan lajan ki nan kont
kondisyonèl FSS la; epi bay fanmi an yon pati nan lajan ki nan kont
kondisyonèl FSS la si HA a detèmine fanmi an reyalize objektif
pwovizwa presi sa yo e fanmi an bezwen pran nan lajan ki nan
kont kondisyonèl FSS la pou l ka fin konplete kontra a.
Detèmine si fanmi an fin konplete kontra a.
Peye fanmi an lajan li genyen nan kont kondisyonèl FSS la, si
fanmi an fin konplete kontra a e si chèf fanmi an prezante yon
sètifika ekri ki di okenn manm fanmi an pa nan wèlfè.

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 2 sou 3

Kijan yon Fanmi Fin Konplete Kontra Patisipasyon an
Yon fanmi konplete patisipasyon n nan kontra a lè HA a detèmine:
(1) Fanmi an fin satisfè tout responsablite kontra a ba li; oubyen
(2) 30 pou san revni mansyèl ajiste fanmi an egal oubyen
depasepri nòmal ki sou Mache Lwaye Kay la pou yon
lojman ki gen dimansyon ki koresponn ak kay fanmi an
kalifye pou li a.
Eliminasyon Kontra Patisipasyon an
HA a gen dwa mete fen nan kontra sa a si:
(1) fanmi an ak HA a dakò pou yo mete fen nan kontra a;
(2) HA a detèmine ke fanmi an pa respekte responsablite
kontra sa a ba li;
(3) fanmi an deside kite pwogram FSS la;
(4) akoz yon aksyon ki pa koresponn ak objektif pwogram
FSS la; oubyen
(5) HA a gen pèmisyon pou l mete fen nan kontra a daprè
règleman HUD yo
HA a gen dwa deklare kontra sa a nil e san valè si resous ak sèvis
ki nesesè pou konplete kontra a pa disponib.
HA a gen pou voye bay chèf fanmi an yon avi ki anonse kontra a
pran fen oubyen li anile. Avi a dwe presize pou ki rezon HA a
pran desizyon pou l mete fen nan kontra a oubyen anile li.
Si HA a mete fen nan kontra oubyen deklare li nil e san valè,
fanmi an pa gen pyès dwa pou l resevwa lajan ki nan kont
kondisyonèl FSS la. HA a fèt pou fèmen kont kondisyonèl FSS
fanmi an e li ka sèvi ak lajan an pou l reyalize objektif ki an akò
ak règleman HUD yo.
Si fanmi an ap patisipe nan pwogram HCV a, HA a va mete fen
nan kontra a si fanmi an bwote al rete andeyò jiridiksyon HA a
daprè règleman sou transfè dosye lokatè yo, e si fanmi an antre
nan pwogram FSS yon lòt HA.
Si fanmi an ap patisipe nan pwogram HCV a, pwogram sa a ap
pran fen otomatikman si fanmi an pèdi asistans l ap resevwa a
daprè règleman HUD yo.
Konfli avèk Règleman sou Lwaye Lojman Piblik ou
Endyen.
Si yon pati nan kontra sa a kontredi règleman sou lwaye lojman
publik ou endyen an, se kontra-lwaye a k ap prime.
Respè pou Règleman ak Egzijans HUD yo
Yo dwe entèprete e aplike kontra patisipasyon an daprè règleman
ak kondisyon HUD yo. HA a kapab pote koreksyon nan dire
kontra ak chif yo –-tankou revni ak pri lwaye ki sou paj 1 an – pou
respekte règleman ak kondisyon HUD yo. HA a dwe fè fanmi an
konnen pa ekri tout chanjman ki fèt pou l ajiste kontra a.

Fòm HUD-52650-Creole (12/2004)
ref. Handbook 7420.8

Siyati :

Ajans Lojman
(Non Ajans Lojman an)

Fanmi

(Siyati yon ofisyèl Ajans Lojman)
(Siyati chèf fanmi an)
(Tit Ofisyèl)
(Dat Siyati a)
(Dat Siyati a)

Dokiman sa a se tradiksyon yon dokiman legal HUD pibliye. HUD mete tradiksyon sa a a la dispozisyon ou kòm yon senp
mwayen konvenab pou ede w konprann dwa w ak obligasyon w. Vèsyon dokiman sa a ki nan lang angle, se sèl dokiman ki
ofisyèl, legal e ki gen valè. Dokiman tradui sa a se pa yon dokiman ofisyèl.

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 3 sou 3

Fòm HUD-52650-Creole (12/2004)
ref. Handbook 7420.8


File Typeapplication/pdf
File TitleMicrosoft Word - CRE%207_HUD_form_52650_FIN[1].doc
Authorlpillas
File Modified2008-02-22
File Created2008-02-22

© 2024 OMB.report | Privacy Policy