HUD 52652-Creole Family Self-Sufficiency Program FSS Escrow Account Credi

Family Self-Sufficiency Program (FSS)

CRE 8_HUD_form_52652_FIN

Family Self-Sufficiency Program (FSS)

OMB: 2577-0178

Document [pdf]
Download: pdf | pdf
Pwogram Oto-Sifizans Familyal (FSS)
Fich Travay sou Kredi Kondisyonèl

Depatman Lojman
ak Devlopman Iben Lèzetazini
Biwo Lojman Piblik e Endyen

No. Apwobasyon OMB : 2577-0178
(ekspirasyon: 07/31/2010)

Kredi Kondisyonèl la dwe kalkile chak fwa gen yon lòt egzamen oubyen yon kalkil pwovizwa aprè dat efektif Kontra
Patisipasyon FSS la, pandan fanmi an ap patisipe nan pwogram FSS la.
Chèf fanmi FSS la

Dat

1.

Lajan li fè pa ane (mete chif ki sou liyn 7i nan fòm HUD-50058 la.)

2.

Limit salè ba ki aplikab la (mete limit salè ba aktyèl la pou zòn kote fanmi FSS la ap viv la.)

3.

Salè ajiste aktyèl la (mete chif ki sou liyn 8y nan fòm HUD 50058 la.)
Si liyn 3 a pi gwo pase liyn 2 a, fanmi an pa kalifye pou yon kredi FSS.

3.

4.

Lajan moun nan fè ki sou liyn 1 an (adisyone diferan salè ki nan kod B, M, F, HA ak W nan
kolòn 7f fòm HUD-50058 la.)

4.

5.

Lajan moun nan fè e ki nan salè anyèl li nan dat efektif Kontra Patisipasyon FSS la. (Mete
lajan ki sou kontra patisipasyon an.)

5.

6.

Ogmantasyon nan lajan moun nan fè apre dat efektif Kontra Patisipasyon FSS la. (Wete liyn 5
nan liyn 4. Si rezilta a negatif, mete 0.)

6.

7.

Salè anyèl aktyèl la, mwens ogmantasyon nan lajan moun nan ap fè aprè dat efektif Kontra
Patisipasyon FSS la. (Wete liyn 6 nan liyn 1.)

7.

8.

Trent pou san (30%) salè pa mwa aktyèl ajiste a (Liyn 3 divize pa 40. Rezilta a ta dwe egal ak
sòm ki sou liyn 9f sou fòm HUD-50058 la).

8.

9.

Salè ajiste aktyèl la, mwens ogmantasyon nan lajan moun nan ap fè aprè dat efektif Kontra
Patisipasyon FSS la. (Wete liyn 6 nan liyn 3.)

9.

1.
2.

10. 30% salè pa mwa ajiste aktyèl la, mwens ogmantasyon nan lajan moun nan ap fè aprè dat
efektif Kontra Patisipasyon FSS la. (Liyn 9 divize pa 40.)

10.

11. 10% lajan moun nan touche pa mwa sou salè anyèl ajiste aktyèl la, mwens ogmantasyon nan
lajan moun nan ap fè aprè dat efektif Kontra Patisipasyon FSS la. (Liyn 7 divize pa 120.)

11.

12. Si sa aplikab, kòb asistans pou lwaye a (mete sòm ki sou liyn 9g nan fòm HUD-50058 la)
oubyen kòb plafon lojman piblik (mete sòm ki sou liyn 10c nan fòm HUD-50058 la.)

12.

13. TTP ki baze sou salè anyèl aktyèl la, mwens ogmantasyon nan lajan moun nan ap fè aprè dat
efektif Kontra Patisipasyon FSS la. (Nan ka Vawchè pou Chwa Lojman, mete sòm ki sou liyn
10 la; sinon, mete sòm ki pi gwo a pami sa ki sou liyn 10, 11 oubyen 12.)

13.

14. Diferans ant 30% salè pa mwa ajiste aktyèl la e TTP ajiste pou ogmantasyon nan lajan moun
nan ap fè. (Wete liyn 13 nan liyn 8. Mete 0 si rezilta a negatif.)

14.

15. TTP aktyèl la (Mete sòm ki sou liyn 9j nan fòm HUD-50058 la, oubyen, nan ka Vawchè pou
Chwa Lojman, mete sòm ki sou liyn 8 fòm sa a.)

15.

16. TTP nan dat efektif Kontra Patisipasyon FSS la, oubyen, nan ka Vawchè pou Chwa Lojman,
30% Salè Pa Mwa Ajiste a nan dat efektif Kontra Patisipasyon FSS la. (Mete sòm ki sou kontra
patisipasyon an.)

16.

17. Diferans ant TTP aktyèl la e TPP nan dat efektif Kontra Patisipasyon FSS la. (Wete liyn 16 nan
liyn 15. Si rezilta a negatif, mete 0.)

17.

18. Mete chif ki pi piti a ant liyn 14 e liyn 17.

18.

19. Limit Salè Trè Ba ki aplikab la (Mete limit aktyèl pou salè trè ba a nan zòn kote fanmi FSS la
ap viv la.)
20. Valè an plis Salè Ajiste a genyen sou Limit Salè Trè Ba a (Wete liyn 19 nan liyn 3.)
21. 30% valè an plis Salè Ajiste a genyen sou Limit Salè Trè Ba a (Liyn 20 divize pa 40.)
22. Kredi Kondisyonèl (Wete liyn 21 nan liyn 18.)

19.
20.
21.
22.

Itilizasyon fòm HUD sa a pa obligatwa, e nou sèvi avèk li la a pou nou ilistre pwosesis la. PHA yo gen dwa vini ak pwòp fich travay pa yo.
Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 1 sou 2

Fòm HUD-52652-Creole (1/05)
ref. Handbook 7420.8

Chak Ajans Lojman (HA) dwe siyen yon kontra patisipasyon avèk chak fanmi elijib ki deside patisipe nan pwogram FSS la. Chak HA dwe pran kontak ak
otorite lokal yo pou li devlope yon plan d aksyon ki gen ladan n detay sou gwosè, karakteristik ak bezwen popilasyon li pral sèvi ak pwogram FSS li
pwopoze a; sèvis ak aktivite li pral ofri; kijan li pral aplike pwogram nan; resous piblik e prive HA a pral itilize pou l ofri sèvis yo ak aktivite yo; yon
kalandriye pou ekzekite pwogram nan; ak lòt detay ki nesesè pou HUD garanti yon reyalizasyon kowòdòne sèvis ak aktivite pwogram nan.
Daprè kalkil ki fèt, travay pou fè yon rapò piblik sou rasanbleman enfòmasyon sa yo ap dire an mwayèn 1 èdtan pa pèsòn (ladan n, genyen tan pou
revise enstriksyon yo, chache sous done ki egziste yo, rasanble e konsève done ki nesesè yo, epi konplete e revise enfòmasyon ki rasanble yo). Voye
tout kòmantè sou estimasyon sa a –oubyen nenpòt ki lòt aspè rasanbleman enfòmasyon sa a, san bliye lide sou fason pou fè responsablite a vin pi lejè)
bay: Reports Management Officer, Paperwork Reduction Project (2577-0178) Office of Information Technology, U.S. Department of Housing and Urban
Development, Washington, D.C. 20410-3600.
Pa voye aplikasyon sa a bay adrès nou fèk ekri a.
Daprè lalwa (Seksyon 23( c) ak (g) Lwa Lèzetazini sou Lojman ane 1937 la, ak règleman ki ajoute sou li daprè Seksyon 554 Lwa Nasyonal
Cranston-Gonzalez sou Lojman Abòdab (PL 101-625)), li obligatwa pou moun reponn kesyon ki sou pakè enfòmasyon sa a pou patisipasyon nan
Pwogram FSS la.
Responsab yo konsidere enfòmasyon yo ranmase sou aplikasyon sa a kòm enfòmasyon sekrè e Lwa sou Vi Prive a pwoteje yo. Lwa sou Vi Prive a fè
responsab yo obligasyon pou yo konsève dosye sa yo an tout sekirite sou plan administratif, teknik e fizik, dekwa pou yo garanti sekirite yo ak karaktè
konfidansyèl yo. An plis de sa, dosye sa yo dwe jwenn pwoteksyon kont nenpòt ki menas previzib sou sekirite yo ak entegrite yo, menas ki ta ka koze
bon jan domaj, anbara, kontraryete ou deranjman, oubyen enjistis pou nenpòt moun ke enfòmasyon yo konsène.
HUD pa gen dwa mennen ni patwone yon travay koleksyon enfòmasyon, si li pa prezante yon nimewo kontwòl OMB ki valab e ki pa ekspire, e yon
moun pa oblije reponn non plis kesyon yo poze l nan kad travay sa a.

Enstriksyon pou Ranpli Fich Travay sou Kont Kredi Kondisyonèl FSS la
1. Yon kredi kondisyonèl dwe kalkile chak fwa gen yon lòt egzamen oubyen yon kalkil pwovizwa aprè dat efektif Kontra Patisipasyon
FSS la, pandan fanmi an ap patisipe nan pwogram FSS la.
2. Pou yon moun kalkile sòm-lajan kredi kondisyonèl la, li kapab itilize fòm HUD-52652 a, oubyen yon lòt dokiman ki gen ladan n done
ki sou fòm HUD-52652 a.
3. Sòm-lajan kredi kondisyonèl la pral varye, selon nivo salè chak fanmi FSS e li base sou ogmantasyon nan lajan moun ap touche
aprè dat efektif kontra patisipasyon an. Si salè ajiste fanmi an depase limit sale ki ba a nan zòn kote fanmi FSS la abite a (si lajan ki
sou liyn 3 a pi gwo pase lajan ki sou liyn 2 a), fanmi an pa kalifye pou yon kredi kondisyonèl. Nan ka sa a, fanmi an pa dwe ekri sou liyn
4 pou rive sou liyn 22 nan fòm HUD-52652 la.

Dokiman sa a se tradiksyon yon dokiman legal HUD pibliye. HUD mete tradiksyon sa a a la dispozisyon ou
kòm yon senp mwayen konvenab pou ede w konprann dwa w ak obligasyon w. Vèsyon dokiman sa a ki nan
lang angle, se sèl dokiman ki ofisyèl, legal e ki gen valè. Dokiman tradui sa a se pa yon dokiman ofisyèl.

Ansyen vèsyon fòm sa-a pa kapab sèvi ankò.

Kreyòl

Paj 2 sou 2

Fòm HUD-52652-Creole (1/05)
ref. Handbook 7420.8


File Typeapplication/pdf
File TitleMicrosoft Word - CRE%208_HUD_form_52652_FIN[1].doc
Authorlpillas
File Modified2008-02-21
File Created2008-02-21

© 2024 OMB.report | Privacy Policy