Family Reunification Application Haitian Creole

FRP-3ht Family Reunification Application_FRP v13_Haitian Creole_2022 12 28.docx

Family Reunification Packet for Sponsors of Unaccompanied Children

Family Reunification Application Haitian Creole

OMB: 0970-0278

Document [docx]
Download: docx | pdf

OMB 0970-0278 [valab jiska 31/08/2025]

Administrasyon pou Sèvis Timoun ak Fanmi

Biwo pou Reyenstalasyon Refijye


Aplikasyon pou Regwoupman Fanmi


Fason pou ranpli aplikasyon sa a

ENPÒTAN: Si ou pa ka fini etap sa yo nan sèt (7) jou oplita, tanpri enfòme Responsab Ka ou an. Anplis, nan sèten ka yon Responsab Ka gendwa ede ou (oswa gendwa te deja ede ou) pou ranpli aplikasyon sa a.


Shape1 Etap 1

Si ou poko fè sa, ou dwe imedyatman siyen epi retounen fòm Otorizasyon pou Divilgasyon Enfòmasyon an ak yon kopi ID avèk foto gouvènman an bay ba Responsab Ka ou an.

Si ou oblije soumèt anprent dwèt, Responsab Ka ou an ap ede ou pran yon randevou pou soumèt anprent ou yo. Kontakte Responsab Ka ou an si ou gen kesyon.


Shape2 Etap 2

Li Manyèl Esponnsò, Akò Swen Esponnsò, ak Avi sou Konfidansyalite a, ki gen nan yo lòt enfòmasyon enpòtan ou dwe konnen sou parenaj yon timoun nan pwogram nou an.


Shape3 Etap 3

Ranpli epi siyen Aplikasyon pou Regwoupman Fanmi an (paj 3-7 nan pakè sa a).


Shape4 Etap 4

Rasanble dokiman obligatwa yo ki endike nan seksyon Dokiman Sipò yo (paj 8-10 nan pakè sa a).


Shape5 Etap 5

Soumèt Aplikasyon pou Regwoupman Fanmi an (aplikasyon sa a) ak dokiman sipò obligatwa yo bay Responsab Ka ou an.





Kesyon Moun Poze Souvan


Èske mwen ka parennen timoun mwen si m pa gen papye?

Wi. ORR prefere libere yon timoun bay yon paran oswa yon gadyen legal, kèlkeswa sitiyasyon imigrasyon ou. ORR se pa yon ajans aplikasyon lwa sou imigrasyon.



Èske gen yon pri pou parennen yon timoun?

Non. Pa gen okenn frè pou ranpli kondisyon yo pou parennen yon timoun, sepandan ou gendwa responsab frè ki asosye ak vwayaj ak eskòt timoun lan. Si yo mande ou frè anrapò ak liberasyon yon timoun, ou ka vize nan yon posiblite konfyolo fwòd epi ou dwe rapòte pwoblèm lan bay fòsdelòd yo; tanpri gade dokiman Avètisman pou Fwòd la pou plis enfòmasyon.



Èske m bezwen yon avoka pou parennen yon timoun?

Non. Ou pa bezwen yon avoka pou ou ranpli kondisyon ki nesesè pou parennen yon timoun. Si ou bezwen èd pou ranpli egzijans yo, Responsab Ka ou an ka ede ou. Si ou chèche èd anplis, konnen pa gen okenn frè pou ranpli kondisyon ki nesesè pou parennen yon timoun.



Poukisa m oblije soumèt anprent dwèt mwen yo?

ORR egzije pou fè verifikasyon vi pase pou asire sekirite timoun lan. Si ou oblije soumèt anprent dwèt, Responsab Ka ou an ap ede ou pran yon randevou pou soumèt anprent ou yo. Kontakte Responsab Ka ou an si ou gen kesyon.



Ki enfòmasyon mwen dwe bay?

Ou dwe ranpli Aplikasyon pou Regwoupman Fanmi an ak dokiman sipò yo. Ou dwe reponn kesyon Responsab Ka ou an tou konsènan fanmi ou, relasyon ou ak timoun lan, ak kapasite ou pou pran swen byennèt fizik ak mantal timoun lan. Ou dwe bay prèv idantite ou.



Kilè mwen dwe bay Responsab Ka mwen an dokiman sa yo?

Ou dwe soumèt tout enfòmasyon ki nesesè yo nan sèt (7) jou oplita oswa pi bonè, si sa posib. Plis ou soumèt tout dokiman ki nesesè yo bonè, ORR pral pran yon desizyon pou libere timoun lan sou lagad ou pi bonè. ORR pral enfòme ou rapidman sou yon desizyon sou liberasyon timoun lan sou lagad ou oswa l ap fè ou konnen si yo bezwen enfòmasyon oswa evalyasyon anplis.


Konsènan ou - esponnsò a - ak timoun lan (timoun yo)


  1. Non (yo) pou timoun lan (timoun yo)

Site non tout timoun yo w ap aplike pou parennen yo

  1. Relasyon ou avèk timoun lan (timoun yo)

pa egzanp, manman, tonton, zanmi fanmi


Shape6 Shape7


  1. Shape8 Non Ou



  1. Shape9 Lòt non ou te itilize

Site lòt non ou te itilize, tankou non ou anvan ou te marye oswa siyati bò kote manman (separe yo avèk vigil)


  1. Shape10 Peyi kote ou sòti

Kikote ou te fèt


  1. Shape11 Dat nesans ou

mwa/jou/ane (pa egzanp, 12/31/1979)


  1. Nimewo telefòn yo

pa egzanp, 210-555-1234


Telefòn Prensipal



Shape12 Shape13 Dezyèm Telefòn



  1. Shape14 Adrès imèl ou oswa nimewo faks ou



  1. Shape15 Lang (yo) ou pale


Kikote oumenm ak timoun lan (timoun yo) pral abite?

  1. Adrès

Shape16 Adrès Ri

(+ nimewo apatman, si sa aplikab)



Shape17 Shape18 Shape19 Vil Eta Zipkòd



  1. Kimoun ki abite kounye a nan adrès sa a?



Non Manm Fwaye a


Dat Nesans


Relasyon avèk ou (esponnsò a)


Relasyon avèk timoun lan

(EGZANP) Miguel Perez

12/31/1985

Frè

Tonton














































Granmoun ki pral pran swen timoun lan (timoun yo) si Ou Pa Kapab

Si ou vin pa kapab pran swen timoun lan (timoun yo), kiyès ki pral pran swen timoun lan (timoun yo)?


Shape20 12a) Non granmoun ki posib responsab swen



Shape21 12b) Dat nesans granmoun ki posib responsab swen



12c) Enfòmasyon pou kontakte granmoun ki posib responsab swen

Nimewo Telefòn


Shape22 Shape23 Adrès Ri

Shape24 Shape25 (+ nimewo apatman, si sa aplikab)



Shape26 Vil

Eta

Zipkòd



Shape27 12d) Ki relasyon yo genyen avèk timoun lan (timoun yo)?

(granparan, matant, frè/sè ki gen plis pase 18 lane,

elatriye)



Shape28 12e) Ki relasyon yo genyen ak ou, esponnsò a?



Shape29
12f) Kòman yo pral okipe timoun lan (timoun yo) si ou vin pa kapab pran swen yo?


Enfòmasyon Finansye

13) Kòman ou pral soutni timoun lan (timoun yo) finansyèman?

Mete tout sous ak tout montan revni ou (pa egzanp, montan ou touche chak semèn) epi eksplike nenpòt sipò finansye lòt moun k ap ede soutni timoun lan (timoun yo) finansyèman.

Shape30


Enfòmasyon sou Sante

14a) Èske nenpòt moun nan fwaye ou gen nenpòt maladi kontajye grav (TB, SIDA, epatit, elatriye)?

Shape31
Si se wi, tanpri eksplike:


Shape32
14b) Èske ou konnen nenpòt pwoblèm sante timoun lan (timoun yo) ka genyen (enfimite, alèji, maladi, elatriye)? Si se wi, tanpri eksplike:


Istwa Kriminèl

Si ou reponn “WI” pou youn nan kesyon sa yo, ou pral gen pou ou bay plis enfòmasyon. Gade paj Dokiman Sipò yo (paj 9 nan pakè sa a) pou plis enfòmasyon.


15a) Èske oumenm oswa nenpòt moun nan fwaye ou te akize oswa kondane deja pou yon krim (ki pa yon vyolasyon trafik minè; pa egzanp, vitès, tikè pakin, elatriye)?

Wi Non


15b) Èske yo te fè ankèt deja sou ou oswa nenpòt moun nan fwaye ou pou abi fizik, abi seksyèl, neglijans, oswa abandon yon timoun?

Wi Non



Siyen ak Date Aplikasyon Ou An

Mwen deklare ak afime ak posiblite sanksyon pou fo temwayaj ke enfòmasyon ki nan aplikasyon sa a se verite epi yo egzat dapre tout sa mwen konnen.


Mwen sètifye ke tout dokiman m ap soumèt oswa kopi dokiman sa yo pa gen erè ni fwòd. Anplis, mwen sètifye mwen pral respekte machaswiv pou swen ki nan Akò Swen Esponnsò a.

Mwen pral siveye byennèt fizik ak mantal timoun lan (timoun yo). Mwen pral respekte tou lwa Eta mwen an konsènan swen timoun sa a, ki gen ladan:

  • Enskri timoun lan (timoun yo) nan lekòl;

  • Bay swen medikal lè sa nesesè;

  • Pwoteje timoun lan (timoun yo) kont abi, neglijans, ak abandon; epi

  • Nenpòt lòt egzijans ki pa nan dokiman sa.





Shape33 Shape34 SIYATI OU DAT


Dokiman Sipò yo

Tanpri bay kopi dokiman annapre la yo. Si ou pa kapab bay dokiman nou mande yo, tanpri eksplike poukisa. Nou ka rejte aplikasyon ou an si nenpòt nan enfòmasyon yo mande yo manke, yo enkonplè, oswa yo pa egzat.

  1. Prèv Idantite Timoun lan

Yon kopi batistè timoun lan

  1. Prèv idantite pou oumenm epi, si sa aplikab, nenpòt moun nan fwaye a

Yon kopi ID gouvènman an bay. Ou ka prezante yon sèl seleksyon nan Lis A oswa de seleksyon oswa plis nan Lis B. Si ou prezante seleksyon nan Lis B, omwen yon seleksyon dwe genyen yon foto. Dokiman ki ekspire yo akseptab.

Lis A

Paspò Ameriken oswa Kat Paspò Ameriken

Paspò Etranje ki gen yon foto

Kat Rezidan Pèmanan oswa yon Kat Resepsyon Anrejistreman Etranje (Fòm I-551)

Dokiman Otorizasyon Travay ki gen yon foto (Fòm I-766)

Lisans Chofè Oswa Kat Idantifikasyon Ameriken


Lis B

Sètifika Natiralizasyon Ameriken

Kat Idantifikasyon Militè Etazini

Batistè

Sètifika maryaj

Òdonans tribinal pou chanje non

Kat idantifikasyon nasyonal etranje

Resi pou renouvèlman paspò konsila ki gen yon foto ladann

Kat idantifikasyon konsila Meksiken

Lisans chofè etranje ki gen yon foto

Kat enskripsyon elektè etranje ki gen yon foto

Kat pasaj fwontyè kanadyen ki gen yon foto

Kat pasaj fwontyè meksiken ki gen yon foto ak fòm I-94 ki valab

Dokiman vwayaj refijye ki gen yon foto

Lòt dokiman gouvènman sanblab (gen ladan fòm Verifikasyon Liberasyon ORR avèk yon foto pou moun ki gen mwens ke 21 lane)



  1. Dosye Legal (si sa aplikab)

Si ou te reponn “WI” swa pou kesyon 15(a) oswa 15(b) nan fòm sa a, tanpri ban nou enfòmasyon annapre la yo pou chak akizasyon/kondanasyon:

    • Non moun ki konsène a

    • Plas ak dat ensidan an

    • Eksplikasyon sou ensidan an

    • Dispozisyon ensidan an (pa egzanp, akizasyon yo abandone, amann, prizon, pwobasyon)

    • Kopi dosye tribinal(yo), dosye lapolis(yo), ak/oswa dosye ajans sèvis sosyal gouvènmantal(yo) ki gen rapò ak ensidan an (yo)


  1. Prèv Adrès

Yon kopi omwen yon fòm dokiman ki verifye adrès ou abite kounye a. Fòm dokiman ki akseptab yo gen ladan:

    • Kontra lwaye aktyèl ou avèk non ou

    • Deklarasyon ipotèk aktyèl ou avèk non ou, ki gen dat nan de dènye mwa yo

    • Relve bank ou ki gen dat nan de dènye mwa yo

    • Yon souch chèk pewòl ofisyèl travay ou te bay, ki gen dat nan de dènye mwa yo

    • ID Eta ki valab ki pa ekspire avèk foto ou ak adrès aktyèl ou

    • Kourye, de preferans yon bòdwo sèvis piblik oswa yon relve asirans, ki adrese ba ou nan adrès aktyèl ou, ki gen dat nan de dènye mwa yo

    • Yon lèt notarye pwopriyetè ou an ki konfime adrès ou epi ki gen non ou, dat ou te vin abite, kantite chanmakouche yo, ak dat ekspirasyon kontra lwaye a

    • Lòt dokiman sanblab ki endike yon fason fyab ke ou abite nan adrès aktyèl ou an, ki gen dat nan de dènye mwa yo

Si ou pa kapab bay dokiman sa yo, tanpri kontakte responsab ka ou an.


  1. Prèv Relasyon

Kopi dokiman pou bay prèv yon relasyon ant oumenm ak timoun lan. Dokiman ki ekspire yo akseptab.

Relasyon ou avèk Timoun lan

Dokiman ki Akseptab yo

Paran

  • Batistè yo

  • Dosye tribinal

  • ID paran an gouvènman bay ki gen foto

Boparan

Ou te adopte timoun lan legalman

  • Batistè yo

  • ID paran an gouvènman bay ki gen foto

  • ID Boparan an gouvènman bay ki gen foto

  • Sètifika maryaj

  • Dokiman òdonans tribinal ki konfime adopsyon oswa lagad legal yo te etabli

Gadyen Legal

  • Dokiman òdonans tribinal ki konfime adopsyon oswa lagad legal yo te etabli

  • Batistè yo

  • ID gadyen legal gouvènman bay ki gen foto

  • Dosye gadyen legal yo

  • Sètifika Desè yo

  • Dosye lopital

Manm Fanmi

Tout manm fanmi yo:

  • Batistè yo

  • Tras sètifika nesans ak/oswa sètifika desè ki montre ke oumenm ak timoun lan gen relasyon

  • Sètifika maryaj yo

  • Dosye lopital

  • Dosye tribinal

  • Sètifika batèm


Manm fanmi pwòch, tankou yon matant, tonton, oswa kouzen/kouzin jèmen, ki se oswa ki te responsab swen prensipal timoun lan (dokiman sa yo pa obligatwa si ou se granparan timoun lan, frè/sè, demi-frè/sè oswa frè/sè pa maryaj legal):

  • Dosye gadyen legal yo

  • Lòt dokiman sanblab ki soti nan yon Eta oswa yon gouvènman etranje

  • Yon afidavit ou bay (responsab ka ou an pral fè entèvyou avèk ou ak timoun lan ak lòt manm fanmi an pou konfime afidavit la)

Ou pa gen relasyon ak

timoun lan

  • Tanpri kontakte Responsab Ka ou an





LWA 1995 POU DIMINYE DOKIMAN (Piblikasyon. L. 104-13) Yo kalkile apeprè fado rapò pou piblik la pou kòlèk enfòmasyon sa yo se an mwayè 1.0 èdtan pa repons, sa gen ladan tan pou egzamine esplikasyon yo, rasanble ak jere done ki nesesè yo, epi revize kòlèk enfòmasyon yo. Yon ajans pa ka fè oswa patwone, epi yon moun pa oblije reponn a yon kòlèk enfòmasyon sòf si li gen yon nimewo kontwòl OMB ki valab nan moman an. Tanpri gade avi sou konfidansyalite / deklarasyon Lwa sou pwoteksyon enfòmasyon prive ki akonpaye a pou jwenn yon diskisyon sou (1) otorite pou demann enfòmasyon an, epi si divilgasyon an obligatwa oswa volontè, (2) rezon prensipal pou itilizasyon enfòmasyon an, (3) lòt itilizasyon woutin ki ka fèt ak enfòmasyon yo, epi (4) si genyen, efè lè ou pa bay tout oswa yon pati nan enfòmasyon yo mande yo. Si ou gen nenpòt kòmantè sou kòlèk enfòmasyon sa yo, tanpri kontakte [email protected].


Pakè Regwoupman Fanmi | Vèsyon 13 Paj 1 sou 14

FRP-3 Aplikasyon pou Regwoupman Fanmi

Revize 28/12/2022

File Typeapplication/vnd.openxmlformats-officedocument.wordprocessingml.document
File Modified0000-00-00
File Created2023-07-30

© 2024 OMB.report | Privacy Policy