Fingerprinting Instructions Haitian Creole

FRP-7ht Fingerprinting Instructions_FRP v13_2022 12 28.docx

Family Reunification Packet for Sponsors of Unaccompanied Children

Fingerprinting Instructions Haitian Creole

OMB: 0970-0278

Document [docx]
Download: docx | pdf

OMB 0970-0278 [valab jiska 31/08/2022]

Administrasyon pou Sèvis Timoun ak Fanmi

Biwo pou Reyenstalasyon Refijye


Machaswiv pou Anprent dwèt yo


Ki etap mwen dwe swiv pou pran anprent dwèt yo?

  1. Li Otorizasyon pou Divilgasyon Enfòmasyon an ak anpil atansyon epi ranpli fòm lan.

  2. Fakse oswa voye pa imèl ba Responsab Ka a Otorizasyon pou Divilgasyon Enfòmasyon ki ranpli a ak yon kopi ID ou ki gen foto. Si ou pa kapab fakse oswa imèl dokiman yo, tanpri voye yo pa lapòs eksprès oswa priyorite byen vit dèke sa posib.

  3. Apre ou fin soumèt Otorizasyon pou Divilgasyon Enfòmasyon an, Responsab Ka a fè aranjman pou yon sesyon pou pran anprent dwèt pou ou, oswa l ap ba ou enfòmasyon pou kontakte sit anprent dwèt ki deziyen an pou ou ka pran randevou oumenm. Si ou pa kapab vwayaje al nan sit anprent dwèt deziyen an, ou dwe pale avèk Responsab Ka ou an sou opsyon pou bay de seri kat anprent dwèt sou papye.

  4. Ale nan sesyon anprent dwèt ou an nan lè ki prevwa a nan sit anprent dwèt deziyen an. Tanpri konnen ke ORR PA OFRI sèvis anprent dwèt pou esponnsò nan katye jeneral ORR lan. Sèvis pou anprent dwèt yo disponib nan sit anprent dwèt deziyen an sèlman.

  5. Kontakte Responsab Ka a apre ou fin ale nan sesyon anprent dwèt ou a pou fè l konnen ou te fè anprent yo. Responsab Ka a ka gen plis machaswiv pou ou swiv pou ou fini ak lòt aspè nan verifikasyon vi pase ou an.


Èske mwen dwe peye yon frè pou pran anprent yo?

Pa gen okenn frè si yo pran anprent ou nan yon sit anprent dwèt deziyen. Si ou pa pran anprent dwèt ou nan yon sit ki deziyen pou anprent dwèt, lè sa, ka gen yon frè.


Kòman pou m konsilte rezilta verifikasyon vi pase anprent dwèt mwen an?

Pou egzamine rezilta verifikasyon vi pase anprent dwèt FBI yo, voye yon demann bay Responsab Ka timoun lan. Ou ka kontakte Sant Dapèl Nasyonal ORR tou pou jwenn èd nan (800)203-7001 oswa pa imèl nan [email protected].


Si rezilta verifikasyon vi pase anprent dwèt yo pa bon, èske mwen ka konteste rezilta yo?

Wi. Si yon esponnsò, yon moun granmoun nan fwaye a, oswa yon responsab swen granmoun yo idantifye nan yon plan swen pou esponnsò, kwè rezilta verifikasyon kriminèl FBI yo pa kòrèk, li ka konteste konsènan si enfòmasyon yo egzat oswa konplè. Esponnsò a oswa moun granmoun nan fwaye a ka kontakte ajans ki te kontribye nan enfòmasyon esponnsò a kwè pa kòrèk yo. Lòt detay sou fason pou jwenn yon chanjman, koreksyon oswa mizajou nan yon dosye idantifikasyon FBI endike nan Kòd Règleman Federal Etazini nan 28 CFR § 16.34.

LWA 1995 POU DIMINYE DOKIMAN (Piblikasyon. L. 104-13) Yo kalkile apeprè fado rapò pou piblik la pou kòlèk enfòmasyon sa yo se an mwayè 1.25 èdtan pa repons, sa gen ladan tan pou egzamine esplikasyon yo, rasanble ak jere done ki nesesè yo, epi revize kòlèk enfòmasyon yo. Yon ajans pa ka fè ni patwone, epi yon moun pa oblije reponn a yon kòlèk enfòmasyon sòf si li gen yon nimewo kontwòl OMB ki valab nan moman an. Tanpri gade avi sou konfidansyalite / deklarasyon Lwa sou pwoteksyon enfòmasyon prive ki akonpaye a pou jwenn yon diskisyon sou (1) otorite pou demann enfòmasyon an, epi si divilgasyon an obligatwa oswa volontè, (2) rezon prensipal pou itilizasyon enfòmasyon an, (3) lòt itilizasyon woutin ki ka fèt ak enfòmasyon yo, epi (4) si genyen, efè lè ou pa bay tout oswa yon pati nan enfòmasyon yo mande yo. Si ou gen nenpòt kòmantè sou kòlèk enfòmasyon sa yo, tanpri kontakte [email protected].


Pakè Regwoupman Fanmi | Vèsyon 13

FRP-7hc Machaswiv pou Anprent dwèt yo

Revize 28/12/2022

File Typeapplication/vnd.openxmlformats-officedocument.wordprocessingml.document
AuthorShannon Herboldsheimer
File Modified0000-00-00
File Created2023-07-30

© 2024 OMB.report | Privacy Policy